Ou Se • Breaker Beatz

ADDED BY JEFFMADISON (APR 6, 2019 AT 4:06 PM) 6,507 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Featuring: Bdjine

Braker Beatz
Ou se souf mwen ou se batman kem
Ou fe kem kontan ou se sous bonem
Ou se sel sik kika sikre kem
Chak jou map mande kijanm tap ye
Siw pat avem

Mwen renmenw anpil fow pa bliye
E’m pap janm gen kouraj Poum fow kriye
Lanmou sou rozo lew wel tap pliyel
Pap kasel pa kase e lap toujou briye

Ou se ti pati nan mwen
Ou se ti manmi an mwen
Ou se fanm kap toujou fanm mwen
Le jou’m ta chwazi do se pou lanmo
Tou pwan mwen

Map toujou renmenw cheri se pou lavi
E’m pre poum swiv ou nan lanfè
Kou nan paradi
Pa koute peson peu importe sa yap di
Ou deja konnen wap rete braker pou lavi

Anh e pa poudat map renmen menm kadi
Konnye a ‘w se premye fanm kifem damou

B-djine
Anh e pa poudat map renmen menm kadi
Konnye a ‘w se premye neg kifem mwen fou

Braker Beatz
Ou se yon ti pati nan mwen

B-djine
Ou se sel brikè ki ka limen ke an mwen

Braker Beatz
Ou se fanm kap toujou fanm mwen
Le jou’m ta chwazi do se pou lanmo
Tou pwan mwen

B-djine
Depi le m’avew ou fe kem kontan
Chak jou pa gen moun sou te sa
Damou tankou nou
Se sel neg le m’avel li fem tounen joujou
Gon janl manyenm li fem glise tankou kalalou

Cheri vinn nou fon ti danse 💃 nan bal kompa
Nou pwal ploge janm pwal baw gouyad la wap di
Baby vas y san kanpe , non m pap kanpe toutan kok la pa chante yon sel ale li ye tonton pa vinn dim ou fatige

Braker Beatz
M pap fatige non non m pap fatige gyal
Paske se jodi a m pwal we kijanm detay
M deja prepare yon bagay pou ou
Spesyal se ou menm ki fem
Konnen vale tout Haitian Gyal

Anh e pa poudat map renmen menm kadi
Konnye a ‘w se premye neg kifem damou

B-Djine
Anh e pa poudat map renmen menm kadi
Konnye a ‘w se premye neg kife mwen fou

Braker Beatz
Ou se yon ti pati nan mwen

B-djine
Ou se sel brikè ki ka limen ke an mwen

Braker Beatz
Ou se fanm kap toujou fanm mwen
Le jou’m ta chwazi do se pou lanmo
Tou pwan mwen

Men kompa , alo glory beat
Rale boubout ou pouw danseee💃🏽🕺🏽

Anh e pa poudat map renmen menm kadi
Konnye a ‘w se premye fanm kifem damou

B-djine
Anh e pa poudat map renmen menm kadi
Konnye a ‘w se premye neg kife mwen fou

Braker Beatz
Ou se yon ti pati nan mwen

B-djine
Ou se sel brikè ki ka limen ke an mwen

Braker Beatz
Ou se fanm kap toujou fanm mwen
Le jou’m ta chwazi do se pou lanmo
Tou pwan mwen

Woyyy men fanm nan fem pale chinwa
Baby ching ching chong eeeey