Mwen Pare (Lanmou Spirituel) • Rayy Raymond

ADDED BY PHKATHIUS1 (OCT 3, 2018 AT 3:29 PM) 17,632 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018

[Verse 1]
Lanmou sprityèl
Li soti kay Bondye
Malgre tout sa nou fè
Li toujou padone’n
M’ap kontinye renmen malgre kout ba
(Malgre li konn gen gou anmè)
M’ap bay lanmou lanmen jouk sa kaba
(Jis sa kaba tonnè)
M’deja gen gòm avèk chifon
Pou’m efase tout vye pase
E m’prè pou ti sa ki pot kè’l byen presye
Pou mwen pwoteje’l ak lanmou

[Chorus 2X]
Mwen pare pou’m renmen
Malgre’l pote soufrans
Mwen pare pou’m soufri
Aprè soufrans se delivrans

[Verse 2]
M’pap di m’te pèdi tan’m
Nan chèche pasi pala
Ann di son eksperyans
Ki montre’m ke bon yo ra
Si’w vle jwenn yon moun
Ki la lè lapli, ki la lè sechrès (Wi, toujou la)
Fò’w pa pè louvri kè ou bay lanmou
Menm si’w te twonpe’w youn ou de fwa
Mwen ka di m’fyè de kè mwen
Anpil fwa ki pran kou
Yo bouke kraze’l, yo matirize’l
Men l’ap mache toujou

[Chorus 2X]
Mwen pare pou’m renmen
Malgre’l pote soufrans
Mwen pare pou’m soufri
Aprè soufrans se delivrans

Cheri m’pare
Di’m si se kè’m ou vle
Men’l nan men’m m’ap
Lage’l, lage’l, lage’l devan’w lan

Oh sound studio
Men kompa

[Hook 2X]
Ohhh
Dlo nan je’m konn neye kè’m
M’konn sèmante m’pap renmen ankò
(M’renmen pi rèd, m’renmen pi rèd manman)
Fè gwo diskisyon ak fanmi, zanmi
M’konn menm parye m’pap renmen ankò
(M’renmen pi rèd, m’renmen pi rèd manman)

[Outro]
Mwen pare pou’m renmen
Malgre’l pote soufrans
Wi mwen pare