Reyaktive • Wanito

ADDED BY DIDIER (AUG 4, 2018 AT 3:59 PM) 13,688 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2018
Lyrics by: Wanito

[Intro]
Sa se Wanito
Ou tap mande pou mwen
Mwen reyaktive, yeah yeah yea

Mwen reyaktive
Mwen reyaktive
Mwen reyaktive
Mwen reyaktive

[Verse 1]
Si mwen ta pran tan pou m eksplike
Tout sa m andire yon mizik pap ase
Tout chemen tout sa mwen rankontre
Pwoblèm difikilte kalamite
Pou kèk rezon mwen pa chwazi pale
Sa k rive m yo mwen pap menm detaye
Se vre m atis men tou m g on prive
Menm jan ak pa w la mwen vle l respekte
Pouki w panse m ta gen on karyè k ap byen mache
Pou m ta deside pati al chita on kote
Se de mizik mwen viv se avè l mwen manje
Non mwen pa rayi tèt mwen ann fon ti panse
Lè w pa konn yon bagay pa kouri kritike
E anplis fwa pa prese kwè tout sa w tande
Jodya Bondye ban mwen fòs pou m relanse
Nan pouvwa pa l mwen swete mwen pa janm kanpe

[Hook]
Mwen reyaktive – pou sa k tap mande pou mwen yo
Mwen reyaktive – pou sa k te bezwen m tounen yo
Mwen reyaktive (2x)
Mwen reyaktive – pou sa k te panse m fini yo
Mwen reyaktive – sa k tap pale mal de mwen yo
Mwen reyaktive (2x)

[Verse 2]
Mwen konnen demen pa asire
Ke pèsòn pa ka chanje le pase
Se prezan nou sèlman ki konte
Se de li sèlman nou ka pwofite
Nan lavi sa fò w pa tann bon moman
Se pran tout vye moman yo fè yo bon
Konvenk tèt ou menm si w ta nan touman
Se ou k bòs lespri w se ou ki patron w
Nan istwa lavi m sa se leson mwen tire
Tan pap tann ou menm si lavi mete w kanpe
Pandan m ap chante la se tan ki ap pase
Don Bondye ban m nan mwen pap kite l gaspiye
Moun ki fò se pa moun kip a janm tonbe
Men se moun ki tonbe ki konn jan pou leve
Sa ka rive sou chemen mwen te dewoute
Mwen reprann tèt mwen kounya mwen reyaktive

[Hook]

[Verse 3]
Gen fanatik ki fache paske mwen te gentan fin gate yo
Jodya menm nan je mezanmi mwen pa ka gade yo
Sak tap di se chak ane ke Wanito lage on video
W wè kounya se tankou lapli m pral fè efò pou mwen vide yo
Fò w pa kite moun di w li twò ta pou w rekòmanse eh
Nenpòt rèv ou genyen w ka reyalize l
Menm si w te f on kanpe w ka reyaktive
Non li pa janm twò ta depi w gen volonte

[Hook]


BIOGRAPHY
  • Juanito, best known as his stage name WANITO, was born on April 21, 1988 in Jeremie, Haiti. He was raised by his mother, until he moved to the Port-au-Prince to continue his secondary education at Lycée de National de Petion-Ville. Though he was very shy, he continued to follow his dreams by performing around students, friends, and family. Upon hearing his unique voice, his peers encouraged him to participate in talent shows like, "Konkou Chante Nwel," and "Digicel Stars". Although he didn't make the finals of either competition, he wasn't discouraged. PeaceTones, a Boston-based NGO aims to empower musicians in developing countries by teaching them how to create, protect, and sell their music throughout the world. In April 2011 the NGO held a competition called, "Haiti Chante" (Haiti Sings). Gracefully, WANITO was declared the winner, and there, he found his break. With this victory, many doors were opened for him; the NGO brought him to the US to record his first-ever solo album. On December 2011, WANITO released "Biyografi Mwen" (My Biography). His extensive involvement in the Haitian community made WANITO a star even before the album hit the market. He has made headlines in most of the widely-read newspapers, blogs, and on-line magazines in Caribbean/Haiti and in the Haitian diaspora.