Diaspora • Wyclef Jean

ADDED BY JESS24 (APR 17, 2018 AT 7:33 PM) 7,191 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: The Carnival
Year: 1997
Lyrics by: Wyclef Jean

Men sa le monde antye tap tann nan
Wyclef qui sot nan Fugee
Jeremie! Ayiti! Potoprens! Flatbush!
Si w fiè dèske w Haitien mache

Jaspora n pa respecte diaspora

Depwi mwen piti, mwen te kite Ayiti
Gen sa ki al Brooklyn, gen sa ki al Miami
Poukisa Jamayiken toujou di se Jamayiken
Men Ayisyen, pè di li se Ayisyen
Poukisa ou pè di non se Samyèl?
Poukisa sa ou pé di w avèk Israel?
Poukisa chak swa w ap dòmi a Jezabèl?
Ou pè di fanm ayisyen yo ke yo bèl?
Fanm nou bèl
Mwen respecte nou tankou
Mwen respekte zanj Gabriyèl
Men nèg dyaspora yo vle mennen nou nan hotel
Tonbe pale anglè, vire "playboy channel"
Yo pa respecte Israel

Diaspora n pa respecte diaspora
Si se diaspora li ye m ap voye l bay reken
Diaspora n' a pa respecte diaspora
Si se diaspora li ye aswè a nap dezame l

Diaspora ha ha, oh la men
M ape pran li jete li nan prizon
M ap fè l konnen kiyès ki Tousen
M ap fè l konnen kiles ki Desalin
Aprè sa nou mèt lage l voyel back Brooklyn
Pou la l jwenn manman l kap fè manje nan kwizin
Mannan l gade li di ti gason ou chanje
Li di mwen chanje paske se Ayisyen mwen ye
Yo te ban mwen yon leson, yo te mete m nan prizon
Mwen wè dyaspora fi, dyaspora gason
Gen sa ki pat tounen k ape dòmi a pwason
Yo pèdi konesans kankou yo pèp san relijyon

Dyaspora n pa respekte dyaspora
Si se dyaspora ou ye m ape voye w bay reken
Dyaspora n pa respekte dyaspora
Si se dyaspora ou ye aswè a nap dezame w

Nèg Potoprens pa respecte diaspora
Nèg Flatbush pa respecte diaspora
Nèg Canada pa respecte diaspora
Nèg Miami pa respecte diaspora

Depwi mwen piti, mwen te kite Ayiti
Gen sa ki al Brooklyn, gen sa ki al Miami
Poukisa Jamayiken toujou di se Jamayiken
Men Ayisyen, pè di li se Ayisyen
Poukisa ou pè di non se Samyèl?
Poukisa sa ou pé di w avèk Israel?
Poukisa chak swa w ap dòmi a Jezabèl?
Ou pè di fanm ayisyen yo ke yo bèl?
Fanm nou bèl
Mwen respecte nou tankou
Mwen respekte zanj Gabriyèl
Men nèg dyaspora yo vle mennen nou nan hotel
Tonbe pale anglè, vire "playboy channel"
Yo pa respecte Israel

Dyaspora n pa respekte dyaspora
Si se dyaspora ou ye m ape voye w bay reken
Dyaspora n pa respekte dyaspora
Si se dyaspora ou ye aswè a nap dezame w

Pa Kayos pa respekte dyaspora
Papa Djoume pa respekte dyaspora
Refugees pa respekte dyaspora
Nèg Florida pa respekte dyaspora

Malfini bagay yo pral fini mal,
Si w desrespecte natif natal
Malfini bagay yo pral fini mal
Desrespecte Ayisyen ou pral kout fistibal

Dyaspora n pa respekte dyaspora
Si se dyaspora ou ye m ape voye w bay reken
Dyaspora n pa respekte dyaspora
Si se dyaspora ou ye aswè a nap dezame w