Atè • Niska

ADDED BY JESS24 (NOV 6, 2017 AT 7:58 PM) 18,201 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Lyrics by: Niska

[Intro]
Lè bouda fache kote l chita - atè

[Verse 1]
Pa vin pale m de nivo gangster w dayè m pa vin nan site w
Wap pale de sa w posede wa ta di kòb se li k zonbifye w
Fè kòmsi pye w pa janm atè men bwate lè pikan pike w
Oh w se pitit gran nèg ki kòb ki ta mele m ak idantite w
Si se pouvwa kap mennen w elèv ka mennen on mè
E w te mèt gen foli frekran ret kwè m frekan w pap mennen w on mèd
Bitch atè w ye ou sezi,ou kanpe devan m la ou fout lèd
Si yo renmen lè m poz bikini m pa responsab si devan yo rèd
Shit

[Pre-Hook]
Tout sou blòf, tout sou blòf
Genlè se sèl mwen menm
Tout tonbe poutan m still anlè
Genlè m gen zèl mwen menm
Bann ti malfini n ap mal fini
N ap pran poul sou tout sa m ap fè
Pa fè m trase w tankou yon vèvè
Fè w disparèt tankou yon vapè

[Hook]
Depi w konen w soti pou w banm pwoblèm - atè
Fè zin pale m mal m pa pè fout ou - atè
Si w vin kanpe sou wout mwen m ap lage w - atè
Mennaj mwen fè jalouzi, mwen lage l atè
Atè wo, lage l lage l atè wo (3x)

[Verse 2]
Ret tann mwen, genlè w panse m tap ret tann ou
Genlè panse mwen m son fanm ki ta pral ret tann ou kite madanm ou
Atè ou sezi m lage w, atè konsa mwen jete w
Tout lè w te panse m alè w ap fè djòlè kounya m antere w
Depi w atè ret kwè m ou atè nèt
W anba on nèg ou anba l nèt
Si w ap fè lèd fè lèd fè bèbèl sèl kote wap wè m se sou entènèt
Lè m rap m santi saw pran nan beef nou pèdi twò tan
Si w chèf ou pa ranje kò w pèp la pap pè pou fout ou atè

[Pre-hook]

[Hook]

[Outro]
M pa jwe lago, m pa nan kache
Wo, m lage w atè, m lage w, m lage w atè