Bèl Fanm • Mickael

ADDED BY JESS24 (MAY 15, 2017 AT 9:51 PM) 16,514 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Produced by: G. Dolph

[Chorus]
Bèl Fanm Pa Gen Pou Pran Pòz yo
Bèl fanm

[Verse 1]
Ou pa nan kont ak moun bouch ou toujou mare
Se pa sak pou fè lasosyete pran ou serye
Konn Personalite fè pati bote ,
Pratike sajès ou avèk Ospitalite
W ap travay yon kote w pa respekte kliyan
Tout moun ki paret devan w sanble annwiyan
Menm si job wap fe a pa vreman rapotan
Ou kab f'on ti souri wi menm si se pa tout tan
Ou toujou di moun Sa a pa kamarad ou
Bondye diw renmen lot moun menm jan ou renmen tet ou
Ok si w paka renmenl fow ka respektel tou
Menm janw gen valè a konsa li gen valè tou
Sispann aji tankou se ou k pi enpotan
Yo pap ba w diplòm pou move jan
Nou se pitit Bondye nou pa nan ekip satan
Annou fe bagay yo on lot jan

[Chorus]

[Verse 2 ]
Ou pa gen pou ap fe tulututu
Tout moun Pè pale avew yo konnen w twò zuzu
Tanperaman Sa li pa Bon ditou
Lew panse ou gen Bon gou poutan ou bay degou eeee
Ri a moun jwe a moun trip a moun renmen moun
Fè pou moun lè konsa yap fe pou ou tou
Pala moun pran ka moun pa panse ou plis Ke moun
Ede moun petet yon jou ya edew tou
Son group zanmi k deside soti
Se ou ki chef bann nan w se premye moun ki Di wi
Lew rive franchman Sa fem sezi
Ou chita nan kwen tankou moun ki gen maladi
Ranje kò w Kale kow ouvè kow epi jere kow
M pap rate Bon vibe Sa pou
Siw konnenw pat sou Sa men mache poukisa
Ou pat Chita dèyè w lakay ou

[Chorus]

[Rap]
Pran pòz ou pap met plis enpotans sou ou
O kontrè l ka diminye atirans sou ou
Bèl fanm bèl fanm mwen diw pran poz
Ak souri l mezanmi li bay tout moun yo bòz
Nou vin sou tè sa Se pou nou ka fe 2 jou
Vle Ou pa g'on lè yap mete nou chak n'on tou
Bel fanm bel fanm mwen diw pa pran pòz
Pran lari a jwi laviw paske lavi a ròz