ADDED BY DIDIER (MAR 4, 2018 AT 12:56 AM) • 16,397 VIEWS • EDIT
[Intro]
Non m se Lordwenski Jolissaint
M konnen w ka deteste m
Poutèt tenten w tande sou mwen
Pa enkyete w m ap eksize m
Si je m gentan jis nan mayo w
Si m foure je m nan de tete w
Je trouve que t’as des jolie seins.. bon bref
M son neg ki trè dirèk m ap kontwole w trè lontan
M pa vin pran w pou ti jwèt
M konn demach ou jan w pale
M kontwole tout ti jès
Koulè w met pi souvan se woz
Men se mov ki prefere w
Ou pa alèz lè w met talon
Ou prefere sandal fant zòtèy
Pa panike w m pap pale fò
M ap vin di w rès yo nan zòrèy dayè
J’adore tes boucles d’oreilles
(Ou genlè fache cheri, m twò dirèk)
[Hook]
Ki sa m fè w
Lè m rele w ou pa janm reponn
[Verse 2]
Ou resi tande m, montre m gen apresiyasyon
M ap tou di w felisitasyon
M renmen wè ou m renmen tande ou
Yo di m ou pa renmen gason
Men sa pa gade m cheri
Poukisa w pa gade m
Sa pa deranje m, si se chwa pa w
Ou met eseye fè l avè m
M ap montre w gen potansyèl
M ap fè w des bagay diferan
M pran w menen w pot nan syèl
M pap juje w, m pap joure w
M ap just anvi w epi m di w sa
Menm si w pa vle gason nan vi w
Just ban m on night baby alright
Aprè si w vle wa bliye sa
[Hook]