Mwen Pap Lage'w • SMS Kreyòl

ADDED BY JEWIPA (OCT 8, 2019 AT 5:07 PM) 5,144 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2019
Featuring: Steve Cinéus And Therly Job
Produced by: Nathanaël Cinéus
Lyrics by: Marckly Chery & Steve Cinéus; Music: Steve Cinéus

Mwen pap lage’w

Se pa pou dat w’ap soufri
Tout figi ou finn fè pli
Menm pitit ou pran kouri
Oh! Ayïti
Pa lage tanpri.
Menm si yo di w’ap peri
Tout espwa sanble fini
Menm si y’ap gade’w ap repi
Mwen menm, m’renmen’w
Ak tout kè mwen.

Malgre yo di’m jan ke’w te bèl
Pou jan mwen wè’w, mwen pa ka kwè’l
Men, sèl sa’m konnen
Mwen vle ba’w la men.
M’vle f’on’w konbit, rasanbleman
Ak tout pitit ou ki konsyan
Pou’m ka mete men
Pou’m retire’w nan tenten.

M’deside pran wou, pikwa
Pou mache plante pye bwa
M’vle rankontre tout Chèf la lwa
Pou’m fè respekte lwa
Pou’n ka gen la jwa.
Mande pou’n konstrwi lekòl
Sispann ba nou bèl pawòl
Etabli de pwotokòl
Pou agrikòl yo ka pot rekòt.

N’ap envite sa yo’k deyò
Pou yo tounen, mete’n dakò
Pou ti Peyi sa’a
Bèl ti etitaj sila’a
Yo pral sezi wè jan nou fyè
Menm si anpil pa janm vle kwè
Men nan non BonDye
Nou va rive fè sa.

Lò tout moun yo finn lite
Pou nou remete’w kanpe
Lè sa’a avèk diyite
N’a va fete
Nan’w lòt sosyete
Tout ti moun va sou lekòl
Jenès la va sou kontwòl
Tout Granmoun va jwe menm wòl
Ansanm n’a leve vwa’n
Pou’n kontinye di
Non, non, mwen pap lage’w

Mwen pap (5 fwa)
Lage’w

Pawòl: Marckly Chery ak Steve Cinéus
Mizik: Steve Cinéus
Featuring: Therly Job
Produced by: Nathanaël Cinéus
Pour le groupe: SMS Kreyòl