Chèche Yon Lòt • J. Perry

ADDED BY DIDIER (JUL 5, 2017 AT 1:34 PM) 10,675 VIEWS EDIT

Genre: Reggae
Album: Kiyes Ou Ye
Year: 2017

[Verse]
M konnen ke nou renmen
Mwen konnen ke tout bagay ap pase byen
E m espere ke li ka kontinye konsa
Pou mwen avè w ka gen on chans pou kenbe la
So far so good bagay yo bèl
Mwen avè w konnen ke nou ta ka rive lwen
Nan lavi sa baby
Avèk lanmou sa oh oh

[Chorus]
Mwen pa bezwen konn anyen nan moman an
Se ou ke mwen renmen vre
Se ou mwen renmen bò kote m tout tan
Anyen pa enterese m nan moman
Se ou ke mwen renmen vre
Se ou mwen renmen
Mwen pa konn sa lavi a pote pou nou

[Verse]
Cheri ou konnen mwen panse ou malad a mò
Se pa malad nan lopital men nan katalòg amour
Matin midi swa ou toujou down pou nou love
Cheri gen chaje lòt rezon avè w mwen anvi ye
Pa inyore m non, pa kontwole m
Kite m bò w lanmou
Ou mèt believe mwen pap janm lage w
Non se pa m ou ye oh mwen fin pale
Mwen menm avè w se devan devan nèt pou nou gade

[Chorus]

[Verse]
E si bagay yo pa nòlmal
Si bagay yo vire anòmal
Si bagay yo vire bosal
Si w ta deside cheri pou w pa ban m lanmou
Si w pa louvre kè w m ap di ou doudou
Mwen pral chèche yon lòt
Wi mwen pral chèche yon lòt
Si w ta fè enteresant ou pa ban m bò
Cheri m ap vire do m m ale menm si w pa dakò
Mwen pral chèche yon lòt
Wi mwen pral chèche yon lòt
Si m ape rele w nan telefòn baby
W ap fè stil ou pa reponn pran pòz ou move
Mwen pral rele yon lòt
Wi mwen pral rele yon lòt
E si n ape soti nan yon sware m panse on mal abiye
Mwen di ou al chanje ou pa vle
Mwen pral chèche yon lòt
Wi mwen pral chèche yon lòt
Men si cheri bagay yo pa gate

[Chorus]


BIOGRAPHY
  • Jonathan Perry, AKA J-Perry was born on June 4th, 1988 and grew up in Port-au-Prince, Haiti. His parents noticed he had a good ear for music when Jonathan started playing music at the tender age of 6 years old. Music is not Jonathan's only love. He also has a passion for motorcycles. He has also been riding since the age of 6 years old. Working with Carl Fred Behrmann, the owner of an independent music label in Haiti, Baoli Records, Jonathan has been writing and producing songs for different artists in Haiti, amongst them, Jean Bernard Thomas aka Ayiti Thomas who had a huge success with one of his songs written by J Perry "Reminisce". Baoli Records has been investing and pushing J Perry in his music career ever since.