Kiyès Ou Ye • J. Perry

ADDED BY TIZER (MAY 12, 2017 AT 1:13 PM) 29,771 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2017

[Intro]
Kiyès ou ye
Ki moun ou ye
Kote w soti

[Verse 1]
Haitiano, Haitian
Ayisyen natif natal pou pi byen konprann
Ki mele m ak tout sa ki pa vle kwè m yo
Sa pa gade m, m konn kiyès ki frè ak sè m yo
Se mwen ki J Perry a, sa k pa vle Ayiti peri a
Tout kote m pase, yo wè m, yo ban m respè nan tout lari a
M fèt Pòtoprens L’Hopital Canapé Vert
Nan mizik sa a m ap konfime l pou tout sa k pa t vle kwè

[Pre-hook]
Mezanmi wo wo wo wo
An n voye peyi a pi wo wo wo
Fòk li dekole pou nou tout ka enjoy
Ayiti se ti pa m nan
Leve men n anlè lè yo mande

[Hook]
Kiyès ou ye
Ayisyen mwen ye manman
Ki moun ou ye
Ayisyen mwen ye papa
Kote w soti
Ayiti m sòti, pou li m ape mouri
Palmis pou lavi yeah

[Verse 2]
Mwen danse twoubadou, mwen danse rara
Mwen danse rabòday, konn danse konpa
Epi kanaval la bèl li bèl li bèl, mwen sonje Black la
Eric Charles Mizik Mizik ki te ban nou lòv la
Kè m pa sote lè m tande moun k ap pale pale
De po nwa, de po wouj, de po vèt, de po ble
De po this, de po that
Depi w gen Ayiti sou kè w, ou se Ayisyen

[Pre-hook + Hook]

Yo pinga w bliye m non

[Verse 3]
Moun Pòtoprens, Kap Ayisyen mwen ye
Moun Sen Mak, moun Jeremi mwen ye
Moun Jakmèl, moun Gonayiv mwen ye
Benè, Aken, Koto, Ench, Mòl Sen Nikola, Lenbe
Moun Leyogan, Kwadèboukè mwen ye (E ou menm?)
Moun Pò Sali, moun Miragwan mwen ye
Moun Akayè, moun Lagonav mwen ye
Mibalè, Wanament, Kay, Bèlans, Bòyn, Fò Libète
Moun Podepè, Laskawobas mwen ye
Moun Gwo Mòn, moun Koray mwen ye
Moun Valyè, Sèka Lasous mwen ye
Grann Rivyè Dinò, Akil Dinò, Ansavo
Moun Desalin, Sen Rafayèl mwen ye
Moun Plezans, Mamelad mwen ye
Moun Chadonyè, moun Baradè mwen ye
Sen Lwi Dinò, Twou Dinò, Ansdeno

[Hook]

[Outro]
Se mwen ki J Perry a, sa k pa vle Ayiti peri a


BIOGRAPHY
  • Jonathan Perry, AKA J-Perry was born on June 4th, 1988 and grew up in Port-au-Prince, Haiti. His parents noticed he had a good ear for music when Jonathan started playing music at the tender age of 6 years old. Music is not Jonathan's only love. He also has a passion for motorcycles. He has also been riding since the age of 6 years old. Working with Carl Fred Behrmann, the owner of an independent music label in Haiti, Baoli Records, Jonathan has been writing and producing songs for different artists in Haiti, amongst them, Jean Bernard Thomas aka Ayiti Thomas who had a huge success with one of his songs written by J Perry "Reminisce". Baoli Records has been investing and pushing J Perry in his music career ever since.