Banm Tibèf Mwen • Chema

ADDED BY JESS24 (NOV 8, 2016 AT 11:14 PM) 41,578 VIEWS EDIT

Genre: Reggae
Year: 2016

[I]
Chak moun prefere yon bèt
Swa pou yo gade ou pou yo fè jwèt
Pafwa yo tèlman atache.
Kèlkeswa espès li ta ye
Li enpòtan nan lanati
Si w pa renmen li pa detwi l.
Gen moun se chat, gen moun chen,
Gen moun se rat, gen moun se lapen
Gen moun se reken, gen moun se dofen.
Gen moun se poul, gen moun se pan
Gen moun se Lyon, gen moun se mouton
Gen moun se pijon, gen moun se mòpyon.
Pou yon sèl bèt mwen fè foli
M’ap bay tout sa m genyen pou li
Lè li sans kòn, lè li piti.

[Refren]
Ban m Tibèf mwen nan douch
Ban m Tibèf mwen nan salon
Ban m Tibèf mwen nan machin
Ban m Tibèf mwen…
Ban m Tibèf mwen nan douch
Ban m Tibèf mwen nan salon
Ban Tibèf mwen sou kabann
Ban m Tibèf mwen…

[II]
Ann Ejip yo konn adore yo
Fè estati ann Ò yo priye yo
Moun sa yo konn sa Tibèf vo.
Gen moun ki pran pòz inyore yo
Lè w Kach’on kote w’ap gade yo
Ou wè l sou kabann y’ap fè l tete.
Kèlkeswa lòt bèt ou chwazi
Tibèf la la l souzantandi
M gentan konn sa pa ban m manti
Gen moun se tig, gen moun se chwal, gen moun se milèt,
Gen moun se bourik, gen se panda, etsetera…
Mwen menm m p’ap adore estati
An chè, ann òs, konsa m vle li
Ban m Tibèf mwen tanpri cheri

[Refren]
Ban m Tibèf mwen nan douch
Ban m Tibèf mwen nan salon
Ban m Tibèf mwen nan machin
Ban m Tibèf mwen…
Ban m Tibèf mwen nan douch
Ban m Tibèf mwen nan salon
Ban m Tibèf mwen sou kabann
Ban m Tibèf mwen…
Lè l’ap niche m, m santi mwen aaayyy
Lè l’ap souse m, m santi m’ap flaaayyy (fly)
Lè l’ap tete m, m santi m nan skaaayyy (sky)
Lè l’ap niche m, m santi mwen aaayyy
Le l’ap souse m, m santi m’ap flaaayyy (fly)
Lè m’ap tete m fè m depaleeee : wi wi wi wi, non non non non,
Arrête arrête, continue comme ça, aaahhh, ooohhh, oh la vache!
Li dou, l janti (4 fwa)
Ooohhh CHEMA, qu’est-ce qu’il est mignon, je l’adore, tanpri fè m kado l?

[Refren]
Ban m Tibèf mwen nan douch
Ban m Tibèf mwen nan salon
Ban m Tibèf mwen nan machin
Ban m Tibèf mwen…
Ban m Tibèf mwen nan douch
Ban m Tibèf mwen nan salon
Ban m Tibèf mwen sou kabann
Ban m Tibèf mwen…
“Chema pran plèzi nan ba w plèzi”.
Yow TIKRAZE, se chat ou renmen???
Gitaaaaaa..