ADDED BY DIDIER (MAY 9, 2017 AT 7:08 PM) • 9,914 VIEWS • EDIT
Ou ka frape m ou ka blese m
Ou ka fè kòmsi w pa tande m
Pawòl ou ka kondane m
Men g on bagay ou pap change
Ou ka menm eseye achte m
Fe strateji pou bloke m
Fanmi'm ou ka fe bliye m e e ey
Men g on bagay ou pap change
[Chorus]
Rèv mwen, konviksyon mwen,
Lanmou mwen, pou prochen mwen
Ou pap ka change sa! (bis)
Si w vle ou ka diskredite m
Imilye m anprizone m
Petèt ou ka fè touye m
Men g on bagay ou pap change
[Chorus]
Si w leve je'w gad sou mòn nan
Gen yon limyè, zetwal mwen ka briyeee
Rev mwen se sel bousôl lavi mwen
Sa k pou mwen (zetwal mwen ka briye)
Sa k anndan m ou pap k chanje
Sa mwen ye (4fois)