Lanmou Pi Fo • Disip

ADDED BY PHKATHIUS1 (SEP 6, 2016 AT 6:43 PM) 31,498 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Klere Yo
Year: 2016

[Verse 1]
M’pa premye moun ki pèdi yon moun nan vi'm
Tout moun ap plede di'm se pa la fin du monde
Yo di'm avèk le temps blesi'm gen pou'l geri
Pou mwen tout sa y’ap di'm sa se lespwa fè viv
M'pa pare pou'w kite'm
Chay sa twò lou pou mwen
M'pa pare pou'm pèdi'w
M’pap ka pote chay sa
Cheri ou chanje

[Verse 2]
M'te fè komsi m’pat jan'm tande
Lè yo di'm ou gen pou'w fèm kriye
Jodia ou deside ale
Franchman cheri mwen regrete'w
Mwen pran twòp tan pou'm répare'w
Pou s'on lòt moun k’ap posede'w
Wi pa gen moun ki pa gen rès
Cheri sonje'w te fè'm pwomès
Pou'n pa janm kite

[Chorus]
M’abandone fanmi'm,
M’remèt ou kle lavi'm
Pou kisa ou trayi'm
M’pat koute sa y’ap dim
M'te panse yo rayi'm
Si w’ale yo pral ri'm
M’abandone fanmi'm
M’remèt ou kle lavi'm
Pou kisa ou trayi'm
M’pat koute sa y’ap dim
M'te panse yo rayi'm
Si w’ale yo pral ri'm

[Verse 3]
Ou s’on zanmi pou mwen
Ou plus k'on fanmi pou mwen
Lè yo atake mwen lè yo akuze mwen
Se ou k pran defans mwen
Ou te sansib pou mwen
Tankou pitit trip mwen
Men'm si'w ta kite mwen
Pa ale twop lwen mwen
Si'm pra'l tonbe pou'w ban'm la men

[Chorus]
M’abandone fanmi'm,
M’remèt ou kle lavi'm
Pou kisa ou trayi'm
M’pat koute sa y’ap dim
M'te panse yo rayi'm
Si w’ale yo pral ri'm
M’abandone fanmi'm
M’remèt ou kle lavi'm
Pou kisa ou trayi'm
M’pat koute sa y’ap dim
M'te panse yo rayi'm
Si w’ale yo pral ri'm

[Refrain]
Lanmou se kle pou louvri tout pòt
Li pap janm lage'm pou l'al jwenn yon lòt
Li pa konn lespri ni'l pa konn moun sòt
Bezwen yon route pa lanmou toujou pi fò

[Hook 1]
Absans ou megri'm
Eske'w pa santi janm ap soufri
Ni se pa foli si'w wè nan pye'w jenou'm fechi
Nan men'm ou grandi
Mwen prè pou'm konprann sa'w santi
Men avan'w pati gade tout sa'n konstwi

[Refrain]
Lanmou se kle pou louvri tout pòt
Li pap janm lage'm pou l'al jwenn yon lòt
Li pa kon'n lespri ni'l pa kon'n moun sòt
Bezwen yon route pa lanmou toujou pi fò

[Hook 2]
Kisa ou vle'm di timoun yo
Kisa ou vle'm di fanmi'm yo
Absans ou sikatrize'm
Sèlmam prezans ou ka repare'm
M’ap viv ak kè sere
Tout tan dlo nan je'm
Men avan'w pati gade tout sa'n konstwi

[Verse 3]
Ou se yon zanmi pou mwen
Ou plus k'on fanmiy pou mwen
Lè yo atake Mwen lè yo akuze mwen
Se ou k pran defans mwen
Ou te sansib pou mwen
Tankou pitit trip mwen
Men'm si'w ta kite mwen
Pa ale twop lwen mwen
Si'm pra'l tonbe pou'w ban'm la men

[Chorus]
M’abandone fanmi'm,
M’remèt ou kle lavi'm
Pou kisa ou trayi'm
M’pat koute sa y’ap dim
M'te panse yo rayi'm
Si w’ale yo pral ri'm
M’abandone fanmi'm
M’remèt ou kle lavi'm
Pou kisa ou trayi'm
M’pat koute sa y’ap dim
M'te panse yo rayi'm
Si w’ale yo pral ri'm