Je T'Aime • Luck Mervil

ADDED BY TIZER (JAN 30, 2014 AT 12:07 PM) 18,822 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Album: Ti Peyi A
Year: 2006

[Intro]
Mmm...
Gen de koze m'paka pale
Gen de bagay mwen paka rakonte
Gen de lide mwen pa janm diskite
Gen de mo se chante pou m chante l

[Verse]
Santiman saa, s'on pawòl mwen paka pale konsa
Se pi gwo mistè lavi mete sou la tè
Li viv nan kè mwen
San li pata gen demen
Li dous pase myèl
Men li ka anmè pase fyèl
Poutan li pa konplike
Je t'aime
Menm si m paka eksplike l
Je t'aime
Cheri w pata fè yon lide
Je t'aime
Gad jan ou fè tèt mwen vire

[Chorus]
Gade kijan m'renmen w
Mmm renmen w
Se konsa m'renmen w
Mwen te toujou renmen w
Gade kijan m'renmen w
Ah m'damou w
O cheri m'renmen' w
Mwen paka bliye w
Gade kijan m'renmen w
Se ou ki tout lavi mwen
Se konsa m'renmwen w
Pa gen yon jou m'pa wè w nan kè mwen
Gade kijan m'renmenw
Pa gen yon jou m'ka viv san ou
O cheri m'renmen w

Kole sou mwen cheri
Banm fòs pou m pale
Koute, koute

[Verse 2]
Sa pa nòmal,
Lè w pa la tout bagay fè m mal
Nanm mwen ta rele
Si m'te loraj, mwen ta ka gwonde
Lanmou w s'on nasyon
Se yon ti pèp yo met nan prizon
Fè yon revolisyon
Delivre m, libere m, banm satisfaksyon
Poutan li pa konplike
Je t'aime
Menm si m'paka eksplike l, non non non
Je t'aime
Ou pata ka fè yon lide, cherie comment je t'aime
Je t'aime
Gad jan ou fè tèt mwen vire, vire

[Chorus]
Gade kijan m'renmen w
Hmmm m'renmenw'
Se konsa m'renmen w
Mwen te toujou renmen w
Gade kijan m'renmen w
Ah m'damou w
O cheri m'renmen' w
Mwen paka bliye w
Gade kijan m'renmen w
Ah non mpa p janm bliye w
Se konsa m'renmwen w
Mwen te toujou damou w
Gade kijan m'renmenw
Mwen te toujou renmen w,
O cheri m'renmen' w
Cheri m'paka viv san ou

Mmm, ayayayayayay
Pinga w kite lwa Ginen m nan monte m non cheri
Sa w pran se pa w wi
Ou tande m?
Zafè pa w
Men ni!

[Rap]
Cheri kenbe m fò
Total kapital, natif natal...vinn pran pal
Vise boulon w nan vis mwen dousman...pa fè m mal
Si w papa w pa kontan sa l wè a... zafè pal
Pam-pam papa pa w, papa pa w pa pa m
Lanmou pi fò pase tout bagay...Se nòmal, nan la vi ti mal
Mezanmi m'pa bezwen fe skandal
Lanmou w pi bèl pase tout zetwal

[Chorus]
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
Gade kijan m'renmen w, m'renmen w, m'renmen w
Se konsa m'renmen w
Ay cheri m'damou w
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
Pa gen pi bèl pase lanmou w
O cheri m'renmen' w
Pa gen pi bèl pase ou
Je t'aime…Gade kijan m'renmen w
Map toujou renmen w
Se konsa m'renmwen w
Mwen te toujou damou w
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
M'paka bliye w
O cheri m'renmen w
Kijan m'ta fè bliye w cheri
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
Kijan m'ta fè kite w
Se konsa m'renmen w
Fè sa ou vle, fè sa w pito
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
Cheri m'pap janm kite w... m'renmen w
O cheri m'renmen' w
Se konsa m'damou w
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
Se konsa mwen renmen…
Se konsa m'renmen w
...lè m renmen
Je t'aime...Gade kijan m'renmen w
Ayayayayayay
Oh cheri m'renmen w
Je t'aime...

[Scats]

Hahahaha
Kenbe rèd pa moli