Se Kòm Si • Tifane

ADDED BY TIZER (JAN 27, 2014 AT 2:15 PM) 23,603 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Album: Anprent
Year: 2005
Produced by: Boulo Valcourt

[Verse]
Se kòm si, li se egzakteman tout sa mwen bezwen
Se kòm si, li mache chèche m, san rete, jis li jwenn mwen
Mwen t'ap chèche anlè, tout sa l t'ap ofri m atè
Li fè anpil efò pou mwen ka kwè bèl ti pawòl li soufle banmwen

[Chorus]
Men lanmou bliye di m, li bliye avèti m
Ke m pap ka viv avèk li san mwen pa soufri
Li dous otan l'anmè, li fè m ri, fè m fè kòlè
Dèfwa mwen pa dòmi, dèfwa mwen santi m byen
Se kòm si lanmou se vis mwen, vis mwen an an
Kòm si lanmou se vis mwen. vis mwen an an
Ahaaa...

[Verse 2]
Se kòm si, depi mwen fin goute l, m'eseye men m'pa sa kite l
Lè l' manyen m, mwen pèdi lapawòl, se li ki gen kontwòl
Li konn kouman pou l jwenn tout sa li bezwen nan men m
Se kòm si yon fòs mennen l ale
Gen de lè m santi m' ta kriye

[Chorus]
Men lanmou bliye di m, li bliye avèti m
Ke m pap ka viv avèk li san mwen pa soufri
Li dous otan l'anmè, li fè m ri, fè m fè kòlè
Dèfwa mwen pa dòmi, dèfwa mwen santi m byen
Se kòm si lanmou se vis mwen, vis mwen an an
Kòm si lanmou se vis mwen, vis mwen an an
Ahaaa...

[Interlude]
Oh oh lanmou se vis mwen
Oh oh lanmou,
Aha...ahaaaa
Lala lala lala lala [repeat]
Oh oh, lanmou

[Chorus]
Men lanmou bliye di m, li bliye avèti m
Ke m pap ka viv avè l (Pap ka viv avè l)
Li dous otan l'anmè, li fè m ri, fè m fè kòlè
Dèfwa mwen pa domi, dèfwa mwen santi m byen
Se kòm si lanmou se vis mwen, vis mwen an an
Kòm si lanmou se vis mwen, vis mwen an an
San li mwen pa domi, avè l mwen santi m byen
Se kòm si lanmou se vis mwen an an
Kòm si lanmou se vis mwen, an an
Ahaaaa
Se kòm si lanmou se vis mwen an an