Pwofon Regrè • True-Vibe

ADDED BY STREETMAN (JUL 26, 2016 AT 9:22 PM) 21,644 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Inconnu
Year: 2016
Featuring: Level
Produced by: Inconnu
Lyrics by: Street-Man

[Intro by: Street-Man]
An reyalite lavi son wout e lanmo se falèz /
E siw pa bouje sou wout sa ou pap ka viv alèz /
Rezon k'fè jodi a m'gon regrè pou mwen k'tounen yon virus /
Se paske m'te damouw !
De 2012 à nos jours m'stil ap menen yon vi tris /
(M'stil ap mennen yon vi tris )

[ Verse 1 Street-Man ]
Avèk plezi pou mwen dil
M'santi manm mwen febli
Avèk pwezi poum dekril
Santiman mwen fleri
Chak fwa m'raplem bèl ti moman n'te konn pase Ansanm
M'ensandye pwop tèt mwen,e kèm preske redui An sann
Chak souriw efase mil pwoblèm (Pou mwen)
Chak soupiw vle di mil gwo pèn
Vi sa map viv la se pat li m'te swete
Pi gwo regrè m'gen nan vim se paskew desede ( Adieu )

[ Refrain by:Level ]
Depiw lèw fin ale a m'santi kouran vim koupe
Soufrans pou mwen ou kite eeeeeee
So baby ! Ou t'on sè pou mwen ew te konn konseyem
Te gen respè pou mwen pa gen anyenw te konn sere mwen
Konn sere mwen eennnnnnnnnnnnnn

[ Verse II by:Jelly ]
Jelly
Fom ta sanwont anpil poum ta di fanm sa I'm doing fine
Lanmoul te plen Tout kèm depil Kitem nan m'still vinn tre Fay
M'vinn paka reprann mwen m'tankon kamyon Mack San Wou
Mta vlew aprann ke jelly still rèd paka Viv San ou
Yon ti senp erè m' fè fè avni nou vinn gache
Se ou k' t'alimante kèm kounya kouranm debranche
Pou tout mal mw few Cheri map diw m'vrèman regrèt
Ou met believe mwen amour nan kèm gon pwofon regrè

[ Verse III by :Caly ]
Ou te banm tout kè'w,menm pat kòman poum jere l'
Souvan dlo koule nan jew,menm pat konn kòman pou sechel
Tout bon vre m'te abitye m'te adikte ou
Ou te gitan gate'm e'm te jire m'tap fè tout tanm ak ou
M'pat janm panse yon jou'w te ka leve wale
Ou kite mwen nan chagren gad Jan caly ap trepase
Lanmou'm gen nan kèm pou ou m'garantiw li pap efase
M'pata vle pou jwenn yon lòt pou'l tankou rejinal kanje

[Refrain]

[Outro by: Level]
Ou manke m',kreve panse m'fè m' depale,
M'paka konsole m'santi m'bouke vwa m' fin ale, m'paka konsole eeeeeee