M Renmen • Ded Kra-Z

ADDED BY DIDIER (JUL 3, 2017 AT 10:52 AM) 18,424 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Lyrics by: Ded Kra-Z

[Intro]
Kòk la kòk la Kòk la Kòk la
Ti medam Mwen yo men kok la
Kòk la kòk la Kòk la
Timesye nap bayo kok la
Kòk la kòk la Kòk la wiii

[Refren]
Lè lavi souri ba nou pwofite louvrin kèn bal antre
Se pa toulèjou nou ka kontan nou ka fete
Nou ka regne si nou tonbe nou ka leve
Gen nan nou k renmen lajan mpap jije'n
Pa koute pyès malpalan Fòn Pwofite wiii
Lè lavi souri ba nou pwofite ouve kèn bal antre
Se pa toulèjou nou ka kontan nou fete
Nou ka regne si nou tonbe nou ka leve
Gen nan nou k renmen lajan mpap jije'n "jamè
Pa koute pyès malpalan fòn Pwofite wii

[Verse-1]
M renmen plezi m renmen bèl fanm
M paka egri m renmen have fun
M renmen Bèl plaj M renmen rivyè
M gen 1 menaj w renmen plizyè
M renmen lajan m renmen pataje
M renmen libète m renmen vwayaje
M renmen fanm dyanm tet byen fet
Si l gen Bèl fòm ma manje l kou ponmkèt
M renmen fè efò m pa nan ma debat
Ou konen map defann si mwen ou ta vle bat
M renmen sinema mrenmen teyat
Si w pa eseye ou pap fè eyap
M renmen ghetto mrenmen fè la une
Pito w ban m kob pa ofrim kokayin
M renmen lapè mpa nan kidnapin
M remen bwase vire sou gwo machine

[Refren]
Lè lavi souri ba nou pwofite louvrin kèn bal antre
Se patoulejou nou ka kontan nou ka fete
Si nou tonbe nouka leve
Gen nan nouk renmen lajan mpap jije'n
Pa koute pyès malpalan fò n Pwofite wiii
Lè lavi souri ba nou pwofite ouve kèn bal antre
Se patoulejou nou ka kontan nou fete
Si nou tonbe nou ka leve
Gen nan nouk renmen lajan mpap jije'n "jamè
Pa koute pyès malpalan fôn Pwofite"wii

[Verse-2]
M renmen football m renmen Messi
Lè m te konn jwel sete Pou granmesi
M renmen pran jòf m konen se bon
M gade basket M renmen lebron
M renmen konfòmem pafwam dekòlte
Pou defann dwaw fow revolte
Mrenmen drapom se libetem
Zanset yo te mouri se lik fyètem
M renmen Dessaline Henry Christophe Capois
Moris sixto Langlichat Papa pyè a chak fwa
M renmen tèt Mwen Mrenmen peyim
M son mango mi pou saw vle keyim
M renmen travay Chita pa bay
Pou jwenn on grapday fok ou batay
M renmen kreye menm sim bat nay
Si w pranm pou egare map mpranw pou grapyay

[Refren]
Lè lavi souri ba nou pwofite louvrin kèn bal antre
Se patoulejou nou ka kontan nou ka fete
Si nou tonbe nouka leve
Gen nan nou k renmen lajan m pap jije n
Pa koute pyès malpalan Fôn Pwofite wiii
Lè lavi souri ba nou pwofite ouve kèn bal antre
Se patoulejou nou ka kontan nou fete
Si nou tonbe nou ka leve
Gen nan nou k renmen lajan m pap jije n jamè
Pa koute pyès malpalan fôn Pwofite wii

[Verse-3]
M renmen lèm a de fi poum ap Ouvè lekô
M renmen leve defi M renmen mete rekò
M renmen resistans M renmen pwopoze
Bay engra repiyans ak yo Mwen Opoze
M renmen ret focus M renmen kontwole
M renmen ede siw chagrin map konsole
M renmen Aprann M renmen tande
M renmen fè diferans siw pakonprann mande
M son Elèv yo konsidere kòm profesè
Koz twòp jepete klere ap pran pôz Konesè
Mwen renmen ret swiv ak anpil atansyon
Pa pote boure nn granmoun fet Atansyon
M renmen viv kalm pa ak tansyon
Evite stroke kè Ak tansyon
M renmen vip sèvis 5 Etwal
M renmen lè map kase poul ap fèm Mtande vwal

[Outro]
Ti medam mwen yo men kokla kokla
Ti mesye nap bayo kokla kokla