Obsèvasyon • BlayZ

ADDED BY MASAKADIE (JUN 1, 2015 AT 6:02 PM) 19,087 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: BlayZ

Depi epòk neg te konn ap jere posse chak thug jere spot li
Tankou prèt Farai kap jere paf li
Game sa te dumb man mkonnen yon bann non ki lonmen malgre gen plis talan ki donnen
Men yo bay plas ak pil artist shit Archi Fake
Pa pliske 10 nan sang pou li deja nou jwenn pliske 10 nan sang
Epòk vit konfonn vice pran tann triste ansanm (Rap Kreyol)
Fenomèn sosyal ladanl ou vin gen plis fo talan
Tiers mondiste foli star ki gen nan lespri tròp gro lajan
Pandanke Master Dji tap rap and Ragga
Pat gen okenn strutur ki fè ke te toujou gen brav gen racaille
Pa de relèv nan rap game lakay
Big up ORS Million Code ak lòt ki te fè yon travay colossal fight ak lo bosal
Kite provoke lobo sak te ka trennenn jeten jouk nan fon lanmè tankou gro dlo sal
Genyen k te chanje fizil zepòl kite rap pou fè Compas pou bet kontra
Pa bezwen di krik tout 98 efor tap fèt se nan ragga but rap pat fè yon pa
Mesi jenerasyon kay madan bruno ASRAP mass gram fat rhymes
Malgre kèk pyone mèsenè k pat konprann sak tap fèt ki te vle mèsedès
Respect pou lekòl F&Mes ki te kanpe toujou kanpe like new school
Big up ansyen k konn ran yo k pat prezante like moun fou
Douvan pyas sal Clef
Motherfucker k vin met game nan Blood&Crip
Talkin shit pou mache fòw gen click
Van vire bagay yo anpirew vin jwenn plis thug ki snitch
Pou jwenn compassion
Genyen k Voye mind yo cool yo vin dous man like konpa song bad contrat son
Game princess mare min pa de queen chaje king
Malgre sa toujou gen vre tizè rap
Kap sipòte depi avan epòk Red vs blak
Respect pou sak tankou A5 deep side zafè coin Deep
Ki toujou kenbe tight malgre epòk rapper candies
Mte prefere len te parèt tankou pakèt fucked up
Olye de period swag bann rapè sòt sòt
Nou te konn fel ansanm san pat give a damn
Esperant k demen pral yon brighter day lè sa fight nou te menm
Tròp sak pa gen formation ek pa gen information
K pa ka fè diferans flow lyrics rhymes pa menm konn format song
Genyen k prezante tèt yo tankou bandi game nan ki dandi menm nan trip
Jis paskel anvi gen nom
Eske n dwe afiche n jiskobou ak sa
Ka sa atriste n li blo bourad la li blo gou rap la
Sin kontinye frape system nan like dis like dat kwem frè m se fo kou nap bay
Paske kounya m wè se nou menm kont nou menm
Eske tout bon vre n pa rann kont de nou menm
Nou pap janm ka reyalize san te reve ye yo/gen sak te reve Yayo
Li lè pou sak tap dòmi reveye yo