Oksijèn • Lov

ADDED BY GEN11 (DEC 27, 2014 AT 5:23 PM) 18,159 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Men Nou Papa
Year: 1999
Lyrics by: Emmanuel Obas

Mwen gade nan je w
M mande sa k rive w la? (Sa k rive w la)
Mwen kanpe m gade w
Pou m wè kote w ye la
Pouki w ap kriye?
Mwen wè dlo nan je w
Pouki w pa pale?
M santi w malere

Mwen pwoche kote w
Pou m di w jan m santi m la
Ou vire w gade m
Ou mande m sa k pase m la?
Mele mwen mele
Mwen paka pale
De pye m antòtye
Mwen dekontwole

Ou kite m pale
Pou ou konn sa k nan kè m la
Ou kite m kanpe
Pou ou wè kote m ye la
Move mwen move
M santi m dezole
Men kè m ap rache
M santi ke w prale

Mwen met lavi m devan w
Kon fèy papye
Deside w si ou vle
Fò w ka pale
Lanmoun se santiman
Ki pa janm fache
Kite pla men w nan men m
Na va rive kote nou vle

Kote, kote
Kote w ye ma twouve w
Chèche, chèchè,
Chèche w pou m respire
(men kote, kote eee)
Kote w ye ma twouve w
Chèche w pou m respire
Ma va ale wè pè letènèl
Pou l sove vi mwen
Pou l defann kòz mwen
Pou l sove vi mwen
Pou l defann kòz mwen
Epi … men nou

Toujours de meme amour!
Le grand amour!
Love, the only one!

Men m si w ale fòk ou konnen
Ou se oksijèn ki nan lavi mwen
Se ou ki bay lavi mwen yon sans
Ou se san k ap koule nan venn mwen
Lè ou la mwen santi m alèz
Se ou ki pèmèt mwen respire
Se ou k fè lavi egziste
Ou fè m vole … wo

Kote , kote
Kote w ye ma twouve w
(men kote, kote eee)
Chèche, chèche
Chèche w pou m respire
Ma chèche w pou m rakonte w
Ma chèche w pou m respire
Ma chèche w pou m esplike w
Ma chèche w pou m rakonte w
Ma chèche w pou m respire

Gen sikonstans ki nan lavi
Ki kapab pèmèt nou souri vre
Men si lanmoun pa genyen patri
Ma chèche kote pou mwen rakonte

Kote , kote
Kote w ye ma twouve w
(men kote, kote eee)
Chèche, chèche
Chèche w pou m respire
Ma chèche w pou m rakonte w
Ma chèche w pou m esplike w
Ma chèche w pou mwen pale
Ma chèchè w …
Ma chèche w pou m respire …