Cherie M'adore'w • O-Gun

ADDED BY TIZER (DEC 12, 2014 AT 3:55 PM) 25,323 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: P-Jay
Produced by: Phat G
Lyrics by: O-Gun, PJay

[Intro]
Ou wo o o o

[Hook]
Cheri m’adore w
Mwen renmen lè w souri
Mwen renmen lè n goumen epi n zanmi
Apre sa nou fè lanmou (oh oh)
Cheri m’adore w
Pou lanmou ke ou banmwen
Lè lòt moun te di nou pap janm anyen
Se pou sa ke mwen renmen w
Cheri m’adore w

[Verse 1]
Cheri m’adore w pou lanmou ke ou banmwen
Cheri m’adore w pa gen lòt ki trete m pi byen
Lè mwen avè w pa gen anyen lòt mwen bezwen
Pa gen moun k’ap ranplase ou, ou nimewo 1
Bebe ki fè mwen fou, pa gen anyen m’pap fè pou ou
Banm ba w ‘on ti bo sou bouch ou
Pou mwen montre w jan m’apresye w
Ou se batman kè m, m’ap kenbe ou fèm
M’ap toujou la si w gen pwoblèm
Mwen damou w, mwen pap janm kite w
Bebe mwen pap janm lage w

[Hook]

[Verse 2 – PJay]
MSB…
Yo cheri m’adore ou
Yeah pouki God la pa dore ou
F’on ti mache dèyè w so si w bite pou m ka kore ou
Trete w tankou ‘on rèn paske se ou ki ofisyèl la
Sou latè ou se sèl fi ke m prè pou mwen ofri syèl la
Avè m baby m’vle pou pare demen w, yeah bare demen w
Si se pou lòv baby jus pare 2 men w
M’ap ba w lanmou jiskaske baby li ranvèse
Adore w tankou ‘on Dieu, fè w krache des grands versets
Gen ti kote ke m pase men m
Fè m anvi devye fiti m chanje presan m e pase m menm
E si te g’on nèg ki renmen w wi pase m menm
Ou pa tap janm vibre konsa lè m pase men m

[Hook]

[Bridge]
Lè m’tande vwa w tout pwoblèm ale
Lè mwen nan bra w kè mwen di la pou m ye

[Hook]