Pozitif • TPO

ADDED BY TIZER (APR 26, 2014 AT 12:16 PM) 32,351 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Jah Nesta
Produced by: TPO

Pozitif
Pozitif yeah

[Verse 1]
M'tankou yon bèl kap ki nan syèl ki prale kot van vante
Depi epòk Ribambelle m'te gen lajan m'ap konte
Al mande pèp la y'ap di w se sou mwen yo konte
Ou posede yon pyès kay, mwen menm mwen g'on kominote
Le m te fèk parèt nan game nan pèsonn pa pran m o serye
Yo te di rap pa pou mwen pouki m pa fè ‘on bagay serye
Izo kanpe avè m, Fantom montre m goumen
Kounya chak fwa m fè yon freestyle tout moun rele anmwey pou mwen
(Eklate!)
Travay di se sa k fè m rive la
Lè m mouri m'vle nou sonje m menm jan ak Nelson Mandela
Lè egri yo ap pale m'fè ekspre m'pa di yon mo
Chak pos radyo yo mete ap woule mizik TPO

[Chorus]
Pozitif
Viv tankou yon jenès pozitif
Pozitif yeah
Fòk geto yo kanpe pozitif
Pozitif
Nap vibe sou bon liriks pozitif
Pozitif mwen di
Yes brethren toujou rete pozitif

[Verse 2]
M'byen kontan tout sa k'ap fèt, men mwen chwazi pa pale
Si m t'ap di tout sa k sou kè m yo ta di m pi fou ke Kanye
Gen anpil lòv pou machann ki pot biznis yo nan panye
Men tankou Michael Jordan, pap choute pou'l pa panye
Focus sou sa k enpotan yo, m'pa fè nenpòt radòt
Non m'pa sonnen yon lot jan, m'sonnen pi fò pas'on kalòt
M'pa renmen moun negatif, m'renmen pozitivite
Mwen kenbe pèn mwen nan kè m pou nou pa janm wè m k'ap kriye
Jenès la bezwen bourad pou li ka monte pi wo
Yo di mwen menm avèk rap se tankou kiyè ak siwo
Nou ka pèdi match lavi a si w pa jwe wòl ou ladann
M'bay Rap Kreyòl yon new look ki pa menm koulè ak Gazzman

[Chorus]
Pozitif
Viv tankou yon jenès pozitif
Pozitif yeah
Fok geto yo kanpe pozitif
Pozitif
Nap vibe sou bon liriks pozitif
Pozitif mwen di
Yes bredjenn toujou rete pozitif

[Jah Nesta]
I an I rasta
Babylon biznis la sa n pa anme l
Sa fè lontan deja nou chwazi nan ki kan nou kanpe
Solda Jah m'te ye, solda Jah n'toujou ye
Rap Kreyol, TPO mwen di respekte
Natty, I Jahnesta, represent roots reggae

Pozitif
TPO, Jahnesta, Dream Team

Pozitif mwen di