Noel A Jerusalem • Ranfort Group

ADDED BY NATOU (DEC 1, 2014 AT 10:22 PM) 19,630 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: Ranfort Group

Oh ! oh ! oh ! oh ! Ton ton Nwèl rive
Oh ! Mesye Jodi a se 24 desanm wi
Se jou pou tout moun fè yon sèl
Emmanuel sot nan syèl
Se fèt Nwèl

[Refren (Evens)]
Nwèl a jerusalèm, se sèl fèt depil rive ki toujou sou kèm (2bis)
Tout timoun nan lari,ap di manmi men tonton nwèl, menl devan
Menl dèyè, menl agoch, menl adwat, menni sou do kay laa
Ane sa mwen sèmante 7 fwa, 77 fwa fok mwen jwenn kado pam nan
Nan men tonton nwèlll

[Jimmy]
Wè ane sa map fete nwèl sanm pa gen mil mann
Map di tout fanm piga’n tcheke’m map tchip ak miland
M’konn gen moun ki pral mande,wi kisa ki pran’m
M’stil poze nan bwè ti gròg ak manje pil vyann
An ayiti sa fè lontan nwèl pa jan’m pase,li bay poto ak tout moun
Kap tann lap pase,ane sa lap pote chajman,netwaye zon
Limen fedatifis bal pase Jimmy

[Refren]

[Master]
Yow ! ou wè nwèl menn
Se lajwa tout kote,kado pam map troke,avek sa wap pote
Bel echanj, pou tout chay san toke nwèl banm bann yon koze
Yon sèl dat nap poze lèl desanb
Kod timoun ap sote,klorat ap fèw sote, nan vil la tout kote
Wèl etranj, kè timoun pa poze, yo tout yon sèl koze sa ton nwèl ap pote
Yap ret tann, judeline, moman sa se fèt jezi krissssssssssss
Se moman tou moun fete plusssssss, gen reveyon nan tout leglizzzzzzzz
Louinise, jwaye nowèl menm siw te trisssssss,Master

[Refren]

[Vicky]

Dekorasyon nan tout lari, fanm ak gason ap jwi lavi,sou plas pibik
Nan tout larii, wè jwaye nowèl tout mou nap di,
Se moman saw wè plis bweson,bon vyann bon salad ak bon kreson
Nan tout tibaz yo mete son,paske tout kwen nan vil la reveyon, wè
Kloch la sonnen minwi rive kanpe pou nowèl,men gen timoun ki pap
Domi men se pou yo wèl, gen lot ki rele tonton nwèl mesye prinobèl
Men tout ti fanm ap fè efò moman sa pou yo bèl

[Refren]

[Opera]
Woyyiiiii, jwaye nowèl medam, sa bèl mesye
Gadon bèl fèt nowèl ooo