Li Pa Vini • Konpa Kreyol

ADDED BY ZOKLO (NOV 18, 2014 AT 9:12 PM) 23,341 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2002

[1]
Cherie, cherie pa panike
Fòn reflechi pou n konn sa n pral fè
Situation an konplike
An verite anmwey m ta rele
Piga kriye an nou priye
Menm si de pie n pran nan on sèl soulie
Tout sa nou fè bagay la pa vini
Alors pito ede m kontrole

[Chorus]
Premiè semèn li pa vini
Deuzièm semèn li pa vini
Twazièm semèn li pa vini
Kapab se stress yon ti kolè menm emotion

Nap tann toujou
Ebien cheri on a pas le choix non la je vais appeler un ami

[2]
Oh non non non poko ka pale
Mpa janm konnen nouvèl ka gaye
Nou poko menm konn si se vre
Doctè a sèl ki ka verifie
Pa fè kole di w pa prale
Wap fè m santi se sa w tap chèche
E pa pale m de responsabilite mwen paske se zak nou tou les de

Na’l pou 4 wi la

Senkièm semèn li pa vini
Sizièm semèn li pa vini
Map reflechi mpaka dòmi non

[Bridge]
Ou pat pare mwen pat pare
Pa le moman pou pitit tonbe
Men nou te fou n te tro damou
Pou nou te pran ti precotion
Ki sa n pral di ki sa n pral fè
Avni nou pa merite sa
Moman foli koute n la vi
Alò ann rekolte sa nou seme
Recolter sa nou semer

Setièm semèn li pa vini
Ywitièm semèn li pa vini
Nevièm semèn li pa vivi
Wi fout, fiansaj, c’est le carnage mariaj

Sa Ton Jeff fè
Men moun nan se moun moun nan li ye
Woy
Azitibidip bip bip
Woy woy woy
Kase kase kase
Pow pow pow

Sa ki rive la - bip bip
Kè mwen sou bisket - bip bip
Resulta mape ret tann - bip bip
Positif ou negatif - bip bip
Kè mwen bat anba pla pie’m - bip bip
Chak fwa telephone sonnen - bip bip
Mwen konprann se paran - bip bip
Kap mande m ki entantion m - bip bip
Sa ki rive la

- Allo
C’est le docteur charles Nathan
Il n’y a pas du de s’inquieter
Car le test est negatif