Fich Bolèt • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (MAR 28, 2020 AT 3:01 PM) 1,969 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Do It Right
Year: 2002
Produced by: Richard Herard

[Intro]
We! Mesye dam nou pare, bòlèt la pral tire

Sa sa ye la, ki koze sa
S on bagay tou neuf ki tonbe
Zenglen toujou ap inove
No pain, no gain
Relax your brain
Se verite ti my friend

[Verse 1]
Ayy! de moun marye k ap viv nan w kay
San pòt ni pòtay, ni youn ni lòt pa t ap travay
Chak jou madanm nan pran lari, bay lavi defi, pou fè kay la souri
Chak swa l rantre, l toujou byen chaje
Kay la gentan meble, vwatu neuf gentan achte
Mari l toujou poze l kesyon
Madanm toujou di cheri mwen genyen nan bòlèt (Ala chanceuse)

Ki boul li jwe? Kot Fich la ye?
Li ak bondye ki konnen
Se li k jwe, se li k genyen
Bolèt sila, jwèt anba dra
Genyen toujou garanti
Depi w gen bon zouti (sa pou m di w ankò)

[Guitar Solo]
Woy depoze
Ti madanm nan l jwe l jwe l jwe
L tèlman jwen nou di
Ba l pase, debare l non

Boy you’re so crazy
[Horns]

[Chorus]
Yo di bòlèt se chans, fò w gen pèseverans
Ou ka fè l la konsa you jou ou ka tonbe nan dlo
Bòlèt sa s on lòt jwèt, li pap mete w nan dèt
Genyen easy, ou garanti depi w gen bon zouti

[Verse 2]
Eyy! you jou madanm deside benyen ak mari li
Li benyen l de la tèt aux pieds, des orteils aux cheveux
Lè se tou pa mari a, li sote bagay la
Madanm lan di l cheri, w oblije di m poukisa
Kisa mesye a reponn? M pa vle mouye fich bòlèt la
Apa l te konprann? M pa vle mouye fich bòlèt la
Eyy! Madanm rekòmanse benyen ak mari li
Li benyen l de la tèt aux pieds, des orteils aux cheveux
Lè se tou pa mari a, li resote bagay la
Madanm lan di l doudou, w oblije di m poukisa
Kisa mesye a reponn ankò? M pa vle mouye fich bòlèt la
Pa fòse l li pa vle, M pa vle mouye fich bòlèt la
Se konsa kay la te ye, M pa vle mouye fich bòlèt la
Vwatu neuf gentan tonbe
Ala w bon fich papa, M pa vle mouye fich bòlèt la
M wè poukisa misye pa negosye l

[Chorus]
Yo di bòlèt se chans, fò w gen pèseverans (Sergo)
Ou ka fè l la konsa you jou ou ka tonbe nan dlo
Bòlèt sa s on lòt jwèt, li pap mete w nan dèt
Genyen easy, ou garanti depi w gen bon zouti

[Keyboard Solo]

[Horns]

[Richie]
Ton Roland wè fich la (M investi)
Manno wè fich la (M investi)
Listen, bòlèt sa jwe entre fanm et gason
Gason an pote deux boul ak you kreyon
Epi fanm lan pote you bèl blòk fich
Sa w tande a ou di Guillaume, here we go

Bay boul, Tòtò, bay boul, jako, bay boul, ekri boul
Bay boul, bay boul, ekri boul
Epi se par deux wi, par paire wi
Bay boul, bay boul, ekri boul
Bay boul, bay boul,
Bòlèt sa 13 important epi tou 14 interesant

Bon ann refè l ankò non Richie

[Richie]

Ou pa vle m gen fich bòlèt la
Ou pa vle m gen fich bòlèt la
Ou pa vle m gen fich bòlèt la
Ou pa vle m gen fich bòlèt la