M'Pa Vlew • Nia

ADDED BY ZOKLO (SEP 24, 2014 AT 7:36 PM) 24,834 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Produced by: Nickenson Prudhomme

Pou tout sa’w fè’m pase tout fòs mwen epwize
Ou pa menm kapab konprann
Efò mwen fè pou bay lanmou nou flanm
Ou poko janm wè klè ou pa bay sa vale
Pou ou menm se sa’w vle’w fè se sa’w rele flannè

Mwen bouke andire jan w’ap trete mwen – jan w’ap trete mwen
Ou bliye si kè’m pat anchene
Mwen son’w fanm ki konn sa mwen vle menm si mwen amoureuse
Menm si m’ gen sansiblite m’ oblije kite’w ale

M’ te konn pale’w tout tan ke m’ bezwen atansyon
N’ bezwen fè ti koze pou relation nou ka devlope
Di’w sa dè fwa deja ou pa pran sa au serie
Pou ou menm se sa’w vle’w fè se sa’w rele flannè

Pa ekri’m ni rele mwen, email mwen nan yahoo
Blofe mwen di’m cheri m’ fou pou ou
Mwen fini fini a tout jwèt se pat pou sa mte fèt
Mwen pran responsabilite’m
M’ oblije kite’w ale

[Chorus]
Se fòt mwen se mwen ki antò
Fòk ou padone’m, cheri m’ pa vle’w di mwen non
Se fòt mwen se mwen k’ fèw di tò
Mwen te fon’w erè e ‘l lanfè

Ou te gen tout tan’w pou’w pale avèk mwen
Ou te gen tout tan’w pou’w te konvenk kè mwen
Kounie a m’ pap tande’w ankò ou fè mwen di tò
Mwen te bòw tout chans pou’w te eksplike mwen
Mwen te eseye pou’n te ale pi lwen
Kè mwen di se tròp atò, li pap pran'l nan men’w ankò

[Chorus]

Ou te panse tout tan n’ tap rete kòt a kòt
Ou te vle pou lanmou’n pi fò pase tout lòt
Kè’m pa gen … ankò, lanmou nou gen gro diskò
Pa mete espwa’w ke m’ pral chanje mind mwen
Menm si sa fè’m mal map kenbe pawòl mwen
M’ pa vle wè’w devan’m ankò paske’w fè ditò

[Keyboard ]
Mwen pa vle’w ankò (4x)

Ou te konn tout sansiblite’m
Men ou pat ka wè valè’m
Kè mwen di se tròp atò - Mwen pa vle’w ankò
Ou panse Nia tap toujou la pou ou - Mwen pa vle’w ankò
Di’m tout sa ou vle lide’m pap chanje - Mwen pa vle’w ankò

[Keyboard]
Mwen pa vle’w ankò (4x)