Pano Solèr • System Band

ADDED BY DIDIER (JUL 21, 2014 AT 12:36 AM) 20,797 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014

[Intro]
Bri a kouri gaz la monte dèlko pap pase
Pano solèr mwen bien chaje monchè m pa mele
Yo di EDH pap pase monchè ou mele
Pano solèr mwen bien chaje

[Chorus]
Moun kap fè mache nwa ak kouran yo a wi yo mele
Technology kap avanse wi sa son verite
Pano soler kape fè aktualite nan lemond antie
System eklate bagay sa sa son verite

[Verse]
Pano solèr sonw aparèy enèjetik
Lè’l jwenn chalè electricite pou piyay
Se yon transformation san polution
E vin rezoud problem anvironman

[Pre-Chorus]
Technology ap avance gro siantis ap travay
E fè foto… pote on solution
Zafè kouran regle nou pa nan blakaout
Mezanmi nou sove

[Chorus]

Yo yo that’s what I’m talking about, let’s go

Lakay klere
Zanmi’m ou klere
Bon bagay dòt com

[Chorus]
Depi solèy leve nannuit nou prepare
Pano soler bien chofe kay la klere vre
[2x]

Nou pa bezwen magouyè kap bann kouran pou yon ti moman
Nou pa bezwen pase delco kap boule gaz pou yon ti bout tan
Soley Bondye leve chak jou li bon pou mwen li bon pou ou
Gade yon technologie papa gras a Dieu nou sot nan mizè sa

[Chorus]

Soley Bondye klere – pano solèr mwen bien chofe
Batri mwen bien chaje – pano solèr mwen bien chofe
Tout timoun ap etudie – pano solèr mwen bien chofe
Tout business fonktione – pano solèr mwen bien chofe
Pa gen balèn pa gen bouji – pano solèr mwen bien chofe
Lanp tèt gridap pa a la mòd ankò – pano solèr mwen bien chofe
Ti Mamoune jwenn limiè – pano solèr mwen bien chofe
E sou’w pa wè konnen’w avèg – pano solèr mwen bien chofe

System Band

System – nap bay kouran
Ou vle priz – ploge envètèw
Si’w ta wè’w ploge ou pa pran chaj – konnen batri’w pa bon
Mezanmi men moun yo

Yalal (repeat)

Ti Maco danje, wap chaje, wap pran chaj
Alo cherie, ou se pano solèr mwen, nan sa’m ye la
Alo Kasamanjò, wap pran chaj

Yalal (repeat)

[Choir]
Nou sove (3x)
Nou pa nan blackout ankò
[2x]

Lokal brèjen yo bien klere
Pa gen fè nwa pa gen panik
Tout moun ap viv a trip poze

Pano solèr mwen bien chofe
Radio ap bay nouvèl - pano solèr mwen bien chofe
Television bien klere - pano solèr mwen bien chofe
Ti Mamoune ap gad feyton - pano solèr mwen bien chofe