ADDED BY JEWIPA (JUL 15, 2014 AT 6:22 PM) • 12,328 VIEWS • EDIT
Mwen san lè ba-w légen
M-pap tann ou fè koken
Jwèt la pat pou anyen
Ou mèt rélé-m kréten.
Lékad dépi opa
Boul pik kè-m toujou mò
Lò-w renmen sé traka
Santiman bay rémò.
Kadav lanmou-m boulé
Wonn nan ak kè-m mélé
Lanmou pa konn parryé
Sé bay san kalkilé.
Malgré mélankoli
Lò-w bay ou pa pèdi
Menm si boul pik félé
Jwèt la rékòmansé.
Si-w vlé m-ap ba-w légen
Tanpri pa fè koken
Chak moun ap pran-w chimen
Pèsonn pa janm genyen.
Jwèt mab, bouchon kola
Piti ap fè déga
Gwo nèg ap bay zoklo
Renmen sé chay sou do.
Kadav lanmou-m boulé
Wonn nan ak kè-m mélé
Lanmou pa konn parryé
Sé bay san kalkilé.
Malgré mélankoli
Lò-w bay ou pa pèdi
Menm si boul pik félé
Jwèt la rékòmansé.
Lyrics: Jean Winer PASCAL
Music Beethova Obas
Album: Planet la, 1999