Zanmi • Nickenson Prudhomme

ADDED BY ANGEL25 (JUN 5, 2014 AT 12:07 AM) 21,219 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Premiere Danse
Year: 2005

Sa’w pa konnen pi gran pase’w
Se sa ke yo di
Lè yon moun kontrarye, li di sa li vle
Panse'l gen dwa monte’l fè’l fè tenten
Sa ka rive
Mesye fò’n reflechi avan’n aji
Sa se lwa’d lanati

Fanm sa se zanmi’m li ye
Li renmen’m, mouin renmen’l tou
Pa gen anyen m’pap fè pou li
Pa gen dwa pou’w fè jalouzi, se zanmi’m li ye
Lè’w wè’l avè’m ou pe apwoche’l
Akize’m de sent enteromp
Nan jéw mwen se yon deranjè
M’toujou avè’l nenpòt kilè pou pèdi chans ou
Men si se vre ou renmen fanm’m sa a
Ou mèt vin’n pale avè’l
M’pap janm ka kontrarye’w
Si ou serye ou mèt aproche’l
Di’l tout sa'w gen nan kè’w pou li
Sans faire de demagogie
Jodi a l se zanmi’m, demen ka madan’m ou
L’ap toujou rete zanmi’m

Se Zanmi’m li ye
Se Zanmi’m li ye, Se Zanmi’m
Li pa oblije fan’m mwen(2x)

Mouin renmen fanm sa tankou sè’m, mouin se Anj gadyen’l
Pa gen moun ki ka fè’l mal, m’ap toujou bò kote’l
Djòb mwen se pou’m pwoteje’l
Si laj vrèman amèn la rezon, gen yon jou wa konpran’n
Ke lamitye s'on santiman sakre ke nou toujou maltrete

Se Zanmi’m li ye
Se Zanmi’m li ye, Se Zanmi’m
Li pa oblije fan’m mwen(2x)

Pou ki yo di gason ak fi pa ka zanmi
E m'konnen san la fam gason pa gen lavi
Lamitye pa dwe gen fòs kote
Gason ak fi ka byen san zenterè
Lavi a semp, lavi a kout, eseye viv li san komplikasyon

Fara se zanmi’m, yon jou l'gen dwa envite’m nan sinema Li pa oblije fanm mwen
Li pa oblije fanm mwen
Maggy se zanmi’m, nou gen dwa nan telefòn tout lajounen
Li pa oblije fanm mwen
Li pa oblije fanm mwen
Poutèt n’ale nan sinema, li pa oblije fanm mwen
Li pa oblije fanm mwen
Li pa oblije fanm mwen
Ooooo, Li pa oblije fanm mwen
Se yon zanmi li ye pou mwen
Li pa oblije fanm mwen
Likrès se zanmi’m,li ye m’gen dwa pran tan’m pou admire’l
Li pa oblije fanm mwen
Poutèt mwen pran tan’m pou admire’l
Li pa oblije fanm mwen
Li pa oblije fanm mwen
Se yon zanmi li ye pou mwen