Pouki • Nu-Bel

ADDED BY MASAKADIE (JUN 3, 2014 AT 9:36 PM) 36,077 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Kole Sou Mwen
Year: 2014

[Verse 1]
Tanpri papa
Men m’ koube’m devan’w
Tande priyèm
M’ santi’m fèb mwen bouke
Lespri’m ap bouskile
Se tout vim ki prale
Men maladi subitman mete pie
Bay delè nou rete hm non non on
Se pa tout sa lavi pote ou konn aksepte destine
Dèfwa ou menm ofanse bondye ou menm di pouki’w ekziste
Papa se ou ki wa se ou k gen tout pouvwa
Pouki tout tan m’ gen dlo nan jem
Demanti sa mtande

Se pa tout sa lavi pote ou konn aksepte destine
Mwen konnen ou se wa demanti sa souple
Oh non non non oh

Mwen pa yon moun ki kwè nan mal
Pouki tout tan mwen gen’w dlo
Kap koule ki pa janm ka seche, pouki
Mwen toujou prè poum partaje a tout moun ki nan bezwen
Pouki rekonpans mwen se plenyen, pouki

Nou gen ti moun pou’n leve a ki moun yo pral rete
Jan afection manman pa gen pèson ki ka ranplase’l
Nou pase tròp deja nou soufri ase
Kounia se lè poun rejwi sa’n te redi konstwi

Nu-bel

Men souf mwen koupe
Soufrans sa trò di pou mwen
Ki moun kap ede’m tande kri kèm
Doctè kondane’m limit mwen pa pou lontan
Tanpri papa vin sove’m

Non non sa trò di pou sa’n pase deja
Konsa sa ta fini non non non
Ki moun kap ede’m mwen bezwen on preskription
Se yon ka d’urgence tanpri papa ede’m souple

Ou se on die ki parfè ki reyèl ki pa gen limit
Ou se alfa lomega ou gen dwa ou gen pouvwa
Ou pa dwe eksplikasion nan decision’w
Se nan moman fè nwa dezespwa ou fè jou louvri
Li bèl

Jean Jean fòk nou ret bèl