Nou Tout Koupab • Charly Weyn VL

ADDED BY CHARLYWEYN (JUL 30, 2023 AT 8:52 AM) 268 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2023
Produced by: Vwa Loray Music
Lyrics by: Mickerson Charlyder Dormetus

....... Intro .....

[VERSE I]
Bondye papa, jodia mwen vini devan'w
2 menm anle, jenou'm ate m'leve peyi'm devan'w
M'ap mande'w padon, m' mande'w gras pou salte'n fe devan'w
Tanpri pa lage'n pote'n sekou, nou bezwen'w nan mitan'n

Se vre nou tout mechan
Nou touye inosan
Timoun piti pa epanye' n menm touye prezidan'n
Nou tout vin san konsyans
3/4 pedi bon sans
Men'n nan legliz kote'w dwe ye n' antre n'fe malfezan

Tanpri papa di on mo pou nou
Nou pa bon nou tout koupab vre, tanpri padone nou
Ou' k gen tout pouvwa, fon chemen pou nou
Nou youn pa miyo ke lot, n'ap anglouti dejouwanjou
Nou fe tout mal vin pi mal
Tout byen tounen mal
Jan sa te ye sodom e gomor bo lakay se pi mal
Nou met lage kote' k kal
Tout zonn gen gang pa'l
Pa gen ke sansib anko, rezo sosyo yo fe'n pi mal

[ HOOk ]
Bouch nou still gen gou san
Chak jou' n vin pi mechan
Nou kidnape, nou vyole
Nou touye moun pou griyen dan

Tout chef nou yo mechan
Yo bay peyi a ak gang
Y'ap machinen on ti pep
Yo fe nou pase pou restan (2x)

[ VERSE II ]
Tanpri granmet vin pote'n sekou
Pa gade sou mal nou fe pou abandone pitit ou
Ou'k gen tout pouvwa ki ka delivre nou
Ban nou on lot konsepsyon, fe mil goud pa fe'n fe joujou
Fe nou we grande'w papa, fe'n konnen'w egziste
Fe'n santi jan nou ap viv la, ou still kanpe ap gade'n
Si'w poko manyen nou fo e paske vreman'w poko vle

Nou fe tout zak anba je'w
Devan lot nasyon'n se honteux
Tanpri Bondye voye limye sou nou
N'ap viv mal nou nan fenwa 'n pa we kote pou'n met pye nou
Ou se sel wa ki ka regne sou nou
Ki ka mete'n sou on chemen dwat pou'n di ou kwe se nou
Jiskaprezan n'ap viv se gras a ou
Nou pa g'on bon lopital si'n ta malad pou nou ale
E sa'k kouche lopital gras a ou yo pa trepase
Koz, pa gen swen e gwo lajan pou bay pou konsilte

[ HOOK ]..........

[ VERSE III ]
Se koripsyon tout kote
Jistis pa fet pou malere
Ayiti tout chef gen ko gang pa'l, la terreur y'ap seme
Yo bloke nou le yo vle
Yo vote lwa yo jan yo vle
Siyen ako' k bon pou yo, sa'k revolte a l'ap tonbe
Nou pa gen lanmou anko
Lanmo'n pa depan de anto
Konnya nenpot jan sa ye, depi'n viktim se nou'k anto
Timoun pa gen avni anko
Jenn yo granmoun san fe efo
Se dwog epi gwo zam, yo pa ban nou anyen anko

Bondye papa, nou bouke viv nan labou n'ap benyen an
Chak fwa nou manifeste polis tire'n di'n se chime
Gouvenman ap fe djob sal, lot sekte yo plen kidnape
Neg a palto konn model, isi se yo'k pi gwo vole
Yo tout ap defann pri poch yo, zafe nou ki nan mize
Pep la preske trepase
Mechan atake'n tout kote
Nou vle menm pedi fyete'n
Tanpri ede'n pou sa chanje
M'priye' w konsa, nan non papa, pitit ak lespri sen an.

VWA LORAY MUSIC, Knight studio

[ HOOK ]............