Sam Baw Regle Pou Mwen • Charly Weyn VL

ADDED BY CHARLYWEYN (AUG 20, 2018 AT 10:15 AM) 6,425 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2023
Produced by: Vwa Loray Music
Lyrics by: Mickerson Charlyder Dormetus

Sam Baw Regle Pou Mwen

Sam few, zanmi sam few
Pouki chak jou wap site nonm dim pa bon men non
Sam few, zanmi di mwen sam few
Wap melem nan zafew wap banm madichon

Chorus I
Siw ta mandem kisam bay tret regle pou mwen
Mpa konnen non
Sam bay jouda ak ipokrit regle pou mwen
Mpa konnen non
Siw ta mandem sam bay landjez regle pou mwen
Mpa konnen non
Kisam bay djab ak malfekte regle pou mwen
Mpa konnen non

Verse I
Sam baw regle pou mwen
Le wap plede di Charly pa bon
Plede di sam pa ye
Sam pa fe plede dim vagabon
Anyen pap sot sou dom ou met pale mpap janm bwe pwazon
Sim pat gen bon moral le konsam te gentan nan prizon
Ti sa map tande la yo pa ka ebranle yo
Ti pawol ale vini yo kwem sa pa deranje mwen
Dormetus Mickerson Charlyder se tout nom mwen
Pawol negatif sou dom yo
Pa ka fem perdi wout mwen non
Pozitif map vanse wap palem mal
Mwen menm map bat dlo
Map chache sans lavim wap fe eskandal
Map pran lot nivo
Apre depans paranm fin fe nan mwen
Fom fe fyerte yo
Kite melem ak sa wap di
Mpa janm peur gro van yo

Chorus 2
Siw ta mandem kisam bay tret regle pou mwen
Mpa konnen non
Sam bay medizan, mal palan regle pou mwen
Mpa konnen non
Sim ta mandem sam bay jouda regle pou mwen
Mpa konnen non
Sam bay landjez ak malfekte regle pou mwen
Mpa konnen non
Siw ta mandem sam bay lang long regle pou mwen
Mpa konnen non
Sam bay ipokrit karesan regle pou mwen
Mpa konnen non

Verse 2
Sam baw regle pou mwen
Lew dim nan chanm ou'w chaje bel fi
Ou chaje bel tenis, 'w bon matcho
Se ou'k gen plis money
Sam baw regle pou mwen
Lew tretem neg sal ti neg Ennery
Neg andeyo gwo soulye poum byen diw se sak fyertem wi
Mse pitit soyet msot nan ti fanmi
Men respe mwen jwenn nan men moun tankoum te sot gran fanmi ok
Mpa ka dim regret deskem poko rejwi
Esansyel la se gen lavi
Yon jou'm espere rejwi ok
Mgrandi nan kay terre nouritim se mayi
Ak lajwa manmanm fe effort poul metem sou ray lavi ok
Le yon moun kanpel palem mal sa fem souri
Tretem dejwatw vagabon pa ka fem fe bak zanmi

Chorus 2

Bridge
Di tout sa ou vle, di tout sa ou vle sou mwen
Ou pa bezwen rete
Kontinye kritike mwen
Banm tout nom pote
Yonn pa ka deranje mwen
Sim se sanzave konnen se ou'k gate mwen
Di tout sa ou vle
Di tout sa ou vle sou mwen
Ou met ap babye
Ou pa ka blo mwen
Ou pa mo nan priye mwen
Ou pa boxeur mwen met sou mwen
Ou pa sel ou pa dlo ni savon
Sam baw regle pou mwen
Ou pa bwós ki nan bouch mwen
Ni ou pa lenn pou kouvri mwen
Ou pa plim ou pa kaye
Ou pa endispansab pou mwen
Ou pa mikro'm ou pa speaker
Ou pa studio non plus frère
Se sel bondye nan syel la ki ka di li fini avem

Chorus 2....

Writen by MICKERSON CHARLYDER DORMETUS