Baky - Peyi Gè
To Rate
Tout nèg gen zam (Tou nèg gen zam)
Tout nèg gen gang (Nèg yo gen gang)
Dwèt yo frajil (oohweaahh) (On God)
Si zam bay pouvwa konn nenpot chef leta ap gon chef gang ki pi wo ke li
Yeah M konnen’m ka pa antre chak maten lè’w wè’m Kite kabann
Lari gentan konn konbyen kob ou pran depi avan’w menm kite labank
Gen gè anwo gen gè anba, taux kidnapping lan ogmante
Menm piti kounya yo danje
Nèg pa mache poukò yo mache ak Clan
E’w ka ap tire sou youn nan bal li pa pran
Tout moun gen zam so m ka di lew nan beef pi gwo nèg la se nèg ki rale avan
Nèg yo chaje antèn yo konn Kiyès pou swiv
Yo konn kilè’w antre yo konn Kilew soti
So depi yo vle pran’w yo konn Kilè’l posib
Si’w wè’n tande tire epi’w wè’n pa kouri
Paske depi’n tande’l sa vle di’n pa mouri
Tout nèg gen zam (Tou nèg gen zam)
Tout nèg gen gang (Nèg yo gen gang)
Pou’n te pran pouvwa, nou tap kreye bandi, son kounya nou responsab dega yo
Lè ghetto pale’w pa tande, yap panse se sèl zam ki ka fè tande vwa yo
Si yo kidnapew yap mande’w valè kob ke’w pa janm ko wè nan vi’w pou’w ba yo
Men Kot Leta? Leta? Bon menm Leta gen gang pa yo
Nèg yo gon chef Gang nan chak zone (chak zone)
Lè youn fon mò yo kriye viktwa
Se pa 2,3 inosan kap tonbe lè gen 2 gang kap goumen pou teritwa
Nèg yo fin leve gè anndan ghetto Kounya yo paka jere kriz lan man
Si yo paka kanpe’l depi kounya pi devan Lap pi tris nan men’n
Nou di’m pa al jwe, le gon bandi ‘k relem