Si mizik sa pase tankou on van
la desann chalè nou paske n ap viv nan yon peyi twopikal
so m pi kalm
ayisyen tèlman pasyan nou tout ta dwe etène lopital
isit son mizik k ap jwe sou dola se sa k fè n pa ka goud
poutan chak Ayisyen son hero sonde yo 
nou fè mal au pluriel nou chaje mo
Ayiti koripsyon sozi a jimo
Depi w di Ayisyen se konfli l ye
M pa dwe kontinye tèks sa si n pa rekonsilye, n ap konsime
M konfime, n gon pwoblèm opine
Avèt Ayisyen li di w Ahli mèt n ap pati kon fime
N ap bati on ti leu pou n oprime domaj lavi pa konprime
Do m laj a vi afi m pap banbile 
Fwa sa papi m konnen fò n pi mye
Ou pa gen konparezon kontra rezon nan men w 
La pudeur konfine 
Tout pitit ou w chache w te vini pou Zache 
Lè wap tounen senyè Jesus wap tounen tou fache
Tout disip ou kache anba zèl ou 
Lòm nan gon ponp funèb chak jou lap priye pou bizinis li mache
Oh papa père m konn karaktè w m pa ka pè kontak a kè w 
Ou pa gen love ou se love m wè l depi jenèz
Pitit soyèt te ka prezidan gwo klèb tou 
Paske andedan lespri yo, yo gon perez
Yo panse ou pa la, se sex drug, sex toy, 
fimen chicha, chimen vi sa, yo panse se Anak
menm si w ba yo woulib yo pa pral legliz
poutan y ap pran sèso nan Obama pou yal fè chawa anba rak bwa 
m pote on plent pou tout pastè k ap chire pòch fidèl
m pot on plent pou tèt mwen paske m pa fè li konfyans 
maladi montre n lajan pa anyen 
boujwa pari, malerèz ankò malgre l gen visa pou an Frans
m santi s on ofans 
si m pa ta pote w plent pou kolokent granmoun lajenès an defayans
yo ba nou zam pou n kalib si w pa vle pèdi kòb mete l nan on bib
yo pap ouvè l
m pote w plent pou gouvènman pou opozisyon 
pa gen moun ki ka fè levanjil san l pa pran pozisyon
m pote w plent pou DJ yo m pote w plent pou atis
pou jounalis, moun k ap pase krèm paka rasis
se paske fanm pa konn valè l ki fon gason ka pran valè fanm
lè n mouri n pap bezwen brikè paske n pral jwenn on valè flanm
nou degize, peche lachè fè n epwize 
jèn fi k ap gouye sou Instagram fò n sispann betize 
m dedye vers sa pou m di w de Dieu au grandyoz 
kò w se tanp sen espri men w trete l kon choz
tanpri pa goumen, lannwit lajounen 
Jesus Christ ap parèt, al di Wendy pa tounen 
Jesus Christ ap parèt, al di Wendy pa tounen









