[Hook]
Nèg kibò, nèg nèg nèg kibò
A te a la
Nèg kibò, nèg nèg nèg kibò
A tè a la
Nèg a tè a la m' ye, a tè a mwen leve
A tè a m'ap mouri e a tè a m'ap antere
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg a tè a la m' ye, a tè a mwen bwase
A tè a'k fe'm viv, a tè ak fè konn sa'm ye
A tè a la
Nèg a tè la 'm ye
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg a tè a la'm ye
[Verse]
A tè a la m'konn ap wè la polis fas bandi
Gouvènman anfas pèp, opozisyon sou manti
A tè a la konn ap wè jan sousou mal fini
Tout grajè ap rejui, bon moun yap fin mouri
M'konn wè depite milyonè, senatè milyonè
Nan vòlè kòb pèp selman minis yo milyonè
M'konn wè pèp la'k nan mizè, e chèf deta ap fè chèlè
Kote y'ap finanse gang, menm lakay nou'n pa ka dòmi
Atè a la mwen wè byen jan boujwa yo malpwòp
Yo pa envesti nan anyen lajan yo tout an Ewòp
A tè a la m'konn ap suiv sa k'ap pase fanmi
Tout moun fort m'te konnen vin sòt, lajan fè yo zonbi
A tè a la pou'm byen di'w la chaje lougawou
Sa'n vote pou ede'n yo son ekip souflantchou
A tè a la si'm pa di'w ou ka wè nou tout fin fou
Poutan epa vre non frè, yo jis prive'n de dwa nou
[Hook]
Nèg kibò, nèg nèg nèg kibò
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg nègkibò
A tè a la
Neg a tè a la m' ye, a tè a mwen leve
A tè a m'ap mouri e a tè a m'ap antere
Nèg kibò, nèg nèg nèg kibò
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg nèg kibò
A tè a la
Nèg a tè a la m' ye, a tè a mwen bwase
A tè a'k fè'm viv, a tè ak fè konn sa'm ye
[Verse]
A tè a m'konn wè jan gen chen cho isi
An pakèt abolotcho k'ap ofri'n meyè vi
A tè a la m'konn wè legliz plen malfektè
Yo itilize Bondye pou yo fè afè yo
O dènye jou na konprann, liv lavi pa gen non yo
A tè a la m'konn wè rapè tounen krakè
Albòm rap pa gen rap di se atè a plen tè
A tè a la kite'm di'w, plen malfektè homie
Biznis ipokrizi pou track sa m'ka mouri
M'ka pran kout poud pou jwèt
Sa'k zanmi'w yo'k pi trèt
Ou g'on idòl li met nan tèt li pou'l bare'w oubyen touyo'w
Pou'w pa pran plas li, kibò
A tè a la m'konn wè jan black vin grimo
Jennjan ak mawozo
Medam k'ap bay nèg zoklo
A tè a la m'konn wè ti fi kal nan baz krèy
M'konn wè wogradé ak inifòm kap rale weed
Madan pastè Pierre twonpel ak ougan Wilfrid
A tè a la mgen kontwòl tout sa kap pase
Si gen koze mpa di mjis kite'l pou opine
[Hook]
Nèg kibò, neg neg neg kibò
A te a la
Nèg kibò, nèg neg neg kibò
A tè a la
Nèg a tè a la m' ye, a tè a mwen leve
A tè a m'ap mouri e a tè a m'ap antere
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg kibò, nèg nèg neg kibò
A tè a la
Nèg a tè a la m' ye, a tè a mwen bwase
A tè a'k fe'm viv, a tè ak fè konn sa'm ye
Vwa Loray Music
M'pa sanble ak pèsonn
Ok
Hey yo Molly
I'm out

