[Chorus]
Si pa konsa li ye se pa konsa pou l ye
M fout bouke
Anyen nou pap regle tan nou n ap gaspiye
Mwen fout bouke
Yap chache solisyon san yo pa kalkile
M fout bouke
Se pa konsa li ye se pa konsa li ye
Mwen fout bouke
Mwen bouke mwen bouke
M fout bouke 
Mwen bouke mwen bouke
Mwen fout bouke
M fout bouke
[Leonidas]
Bouke pale Bouke pale lè m wè n pa tande
Bouke gade, bouke gade ti jèn kap tonbe
Bouke gade nou kap mache 
tout kote plede moute desann
Bouke wè nou kap manifeste 
san n pa konn sa n ap defann
Bouke fè tout sa nou vle, bouke renmen 
Bouke wè mal devan je m 
Bouke nan rekòmanse 
Bouke senyen bouke wè sa n deranje n 
Mwen bouke wè nou ki vle kraze on peyi
M bouke tande sa n ap di
[Chorus]
[Niska]
M bouke wè m bouke viv 
M bouke fè enmi so m bouke beef
M bouke wè moun kap boule vif
M bouke victim so m moute grif
M bouke wè talan ki pa ankadre
M bouke we jan jenès sa antrave
M bouke wè nan prizon prizonyè lage
M bouke tande gen inosan k kondane 
M bouke bay zoklo
M bouke konte tout nèk ki renmen m 
M bouke bay poto 
M bouke we tout pouvwa m gen nan men m
M bouke fè foto m bouke pèdi kòb nan loto
Poko poko m ap fè feat sa 
just paske m wè m bouke kanpe an solo
[Chorus]









