[Hook]
Ase(5x)
[Verse]
Fò nou konsyan nou satire
Wi yo ba nou zam men n ka fè chwa pou n pa tire
Si deviz nou se viv ansanm ann jire pou n pa tiye
Pou vi moun asire nou gen touris pou n atire
Ase pale m de sistèm sa son kouvèti
Pou nou toujou ret mechan pou nou pa konvèti
Ann pran l'union kon vertu e nou mande ouvèti
Pou nou ka ateri Toussaint Louvertue
Peyi a fè emoraji li lè pou san rete
Ase tiye frè nou manman nou san rete
Ann pale de kòman sa ye pa de koman sa été
Ase fouye zago nou pou nou pran san mete
Ase goumen e divize palman an 2 seksyon
Ase fè nou pran raje pou n al pran desepsyon
Ase pran peyi m nan pou on sal resepsyon
Nou youn pa bon ke lòt nou tout koupab san eksepsyon
Nou rive a bon ase fè nou pase
Pou sa n fè nou pase se konsa n fè nou pase
Mezanmi ase fwa sa nou gen ase
Nou pa ka mouri ankò gen ase fè nou k pase
A pati de jodia ann aji ak bon sans nou
Pou youn ka fye lòt an nou pataje konfyans nou
Pap ka gen chanjman si n vle tout bagay al nan sans nou
Ann rete humain an nou reveye konsyans nou
Paske nou se frè se menm adeyèn ki nan san n
Wi nou te komanse youn kont lò men nou ka fin ansanm
M pa konn kòman pou m fini m anvi mande nou ini
Men si gon pati ki gen zam se nòmal pou n pè viv ansanm
[Hook]
Ase(5x)
[Hook]Enough(5x)[Verse]We must be conscious that we are satiatedYes they gave us weapons but we can choose not to shootIf our motto is to live together let's swear we won't killTo ensure people's lives we have tourists to attractEnough talking to me about this system that sounds covered upSo we always stay mean so we don't convertLet's take union as virtue and we ask for opennessSo we can land like Toussaint LouvertureThe country hemorrhaged when blood didn't stopEnough killing our brothers our mothers without stoppingLet's talk about how things are not about how things wereEnough digging our graves so we take blood and put itEnough fighting and dividing parliament into 2 sectionsEnough making us take rage so we go take disappointmentEnough taking my country for a lousy receptionOne is not good while the other we're all guilty without exceptionWe've reached the point enough let us passFor what we did we pass that's how we passFriends enough times like this we've had enoughWe can't die anymore enough let us passStarting from today let's act with good senseSo one can trust the other we share our confidenceThere can't be change if we want everything to go our wayLet's remain human in us awaken our conscienceBecause we are brothers the same blood that's in usYes we started one against the other but we can end togetherI don't know how to end I want to ask you to uniteBut if a part that has weapons it's normal that we lose living together[Hook]Enough(5x)
