[Verse 1]
Si avan Dye se te pawòl pawòl nou chak sakre  
Si l kreye nou à son image kè n ta dwe pwòp e sakre  
Nèg pwovens kounya kwè nan zam ke kenbe wou sakle  
Nèg Pòtoprens menm kwè nan zak e yo Toujou sou atake  
Pyè lève la ansanm ak Jan jan se li lap takle  
Manje anpile ap gate andedan kay Zache  
Poutan Pòl gen sèl anba lang, grangou ap fèl rakle  
Grannèg pa care pou malere ke mizè a ap masakre  
Pou koupab isit sistèm nan fè kòb se jistisye  
Vin fè sak inosan pa gen dwa pou li jistifye  
Sèl ak sik ènmi men pou lasanté yo inifye  
Nou libere barabas yon kriminèl God la n krisifye  
[ REFREN ]
Fòk ou reveye w
Fòk ou kale je w
Fòk ou redrese w
Pa pè afwonte, tout difikilte
Fòk ou reveye w
Fòk ou kale je w
Kenbe diyite w
Fòw pa pè pale, sa ki verite… 
[Verse 2]
Yo Fè neg ghetto kwè nan bandi, zòn li l mistifye  
Lajenès deraye nan koripsyon li inisye  
Pè a kap ba w pawòl Kris la nanm li pa pirifye  
Eske se verite deviz Ayisyen an se inite  
Fè vi nou ap batay antrenou nan pwofi lot moun  
Nou pa wè se pati k sal yo nap ofri lòt moun  
Nou bliye tèt pou n achte pwosè konfli lòt moun  
Poutan lè n gen pwoblèm nou se poukont nou, l pa pwoblèm lot moun  
Fèmen je n sou valè nou yo n kite yo gaspiye  
Pou chase strès, sigaret, bòz, pifò jèn aspire  
Eske n panse lavi se manje bwè ak abiye  
Pran plezi tout jounen, si se sa ak soufrans nou abitye   
[ REFREN ] 
[Verse 3]
Doktè panse li se Bondye poutèt vi l ka sove  
Pandan bòkò rele Bondye avan l di l ka sove w  
Nèg la di l chèf, sou têt rezon w li prè pou l kalote w  
Malad ou bezwen èd, prochen w l’an lap post foto tan l sove w  
Anpil nan nou kè nou pa pwòp anplis nou rayisab  
Nou panse selman ak tèt nou, san gen lacharitab  
Ayiti vle tounen yon forè, yon lye inabitab  
Si n pa souke kò, nou wout echèk la pou nou li inevitab  
Di wap sevi Bondye, poutan w pa gen lafwa  
M kwè se jij ou ye, ou pa respekte lalwa  
Majistra vil ou ye, lari a plen fatra  
Di wap byen dirije, Ayiti eta sa   
[ BRIDGE ]
Se pa tout sa yo di w pou w gentan sou







