[Chorus]
Anna
Anna – konsa w vle dejwe mwen
Anna – Ou soti pou w gate
Anna – non pa jwe ak kè mwen
[Verse 1]
Sou Instagram nou te kòmanse pale
Ou te mande m nimewo pou n echanje
Nèt la pat bon nan sms nou chate
Sa pat pran tan byen rapid nou atache
Feeling gentan monte
Je m fèmen m ape tande vwa w m santi m prale
Feeling gentan monte
San fè efò sou vag lanmou w tap navige
[Pre-Chorus]
Ou di m ou renmen m
Ou renmen wè men m k ap kenbe men w
Lè w renmen w avèg
Men tout sa te may pou w te fè l avè m
[Chorus]
Anna
Anna – konsa w vle dejwe mwen
Anna – Ou soti pou w gate
Anna – non pa jwe ak kè mwen
[Verse 2]
Nan on ti mini skirt Anna sanble on bonbon
M santi m ta manje men li kanpe dandan
Chak fwa mwen gade l tèt mwen vire won won
E manzè panike m li ban mwen frison
A distans li kanpe l ap bon m tiz
Leve menm anlè kou lapolis fi fè m friz
Li fè m konnen si l ta ban m goute m pa ka pa please
Cause she a badgyal ki make on bad man sing
Li sèlman sou fè lanmou
men l pa gen foli damou
li sèlman sou ban m de kou
pandan mwen menm m gentan fou woy
[Chorus]
[Pre-Chorus]
Ou di m ou renmen m
Ou renmen wè men m k ap kenbe men w
Lè w renmen w avèg
Men tout sa te may pou w te fè l avè m
[Verse]
Petèt si pat gen kama m te ba w leta
Kounya gad eta m
Jan m te kwè nan ou poutan w ta pral brize kè m
Se ra seta m chanje sa
M konnen w gen pou w wè orevwa
(2x)
[Chorus]
Anna
Anna – konsa w vle dejwe mwen
Anna – Ou soti pou w gate
Anna – non pa jwe ak kè mwen