[Verse]
M te konn kriye koz mank rezon k pou te fè m souri
Kounya m kriye lè m wè m gen twòp ki pou fè m souri
M still pa fè konfyans menm lache kè m
Koz si zanmi an fè l pou mwen m aprann pou m fè l pou li
M kite yap kontwole m san jamè ban m valè m
M kite y ap ri men se pa nan malè m
Paske plis y ap met baryè plis y ap ban m rezon pou m briye
Limyè a ka piti men l itil si non n pa tap use balèn
M avanse vè desten m san m pa kouri
M fè anpil konpromi san m pa soumèt
Wi m gen nesesite men m pa sousèt
On nèg ou pa ka jwe avèk men nan sans sa w ka jwe sou li
E m gon gran kè men lanmou m mezire
M pa gen rezon pou m rayi moun koz manman m still ap respire (Josie)
Anpil sezon ap soufri ban m anpil rezon pou m souri
[Chorus]
M kriye plis ke yon fwa men sa chanje
M met jenou m atè lavi mwen chanje
E se plus ke yon fwa djab la tante m
M met jenou m atè lavi mwen chanje
Nou priye, nou briye (2x)
M met jenou m atè lavi mwen chanje
Nou priye, nou briye (2x)
M met jenou m atè lavi mwen chanje
[Verse]
M sispann chache kontwole sa m pa gen kontwòl sou li
M sispann kite kè m ap fè travay tèt mwen pou li
Yo di yè se listwa demen ret mistè
M jwi jodi m lè m raple m ke lanmò pa gen mont sou li
Yeah m chanje
M wè m chanje lè m pa care de moun ki chanje - avè m
M wè m chanje lè m pèdi anvi pou m vanje
M wè m chanje lè m konprann gen moun ke m ye ak moun mwen ye nan je
Moun ki pa renmen m m gen pitye pou yo
Lolo toujou priye pou nou men pou otan pa pran l pou pè
Paske m chanje
M mande bondye mwen e di mèsi plus pou tout sa m pa oblije priye pou yo
M aksepte sa k ale e welcome sa k vini
M aksepte sa k kite e respekte sa k rete
M rann kont ke tout sa yo pèmèt m rejwenn mwen
E lè m wè malgre tou m jwenn plis ke m pèdi m souri
[Chorus]
M kriye plis ke yon fwa men sa chanje
M met jenou m atè lavi mwen chanje
E se plus ke yon fwa djab la tante m
M met jenou m atè lavi mwen chanje
Nou priye, nou briye (2x)
M met jenou m atè lavi mwen chanje
Nou priye, nou briye (2x)
M met jenou m atè lavi mwen chanje
[Verse]I used to cry for no reason that would make me smileNow I cry when I see I have too much to make me smileI still don't trust even if I open my heartBecause if a friend does it for me I learn to do it for themI let them control me without ever giving me my worthI let them laugh but it's not at my misfortuneBecause the more they put barriers the more they give me reason to shineThe light may be small but it's useful if we don't use balmI move toward my destiny without runningI made many compromises without submittingYes I have needs but I don't succumbA man you can't play with but in the sense that you can play on himAnd I have a big heart but my love is measuredI have no reason to hate people because my mother still breathes (Josie)Many seasons of suffering give me many reasons to smile[Chorus]I've cried more than once but that changedI knelt down my life changedAnd more than once the devil tempted meI knelt down my life changedWe pray, we shine (2x)I knelt down my life changedWe pray, we shine (2x)I knelt down my life changed[Verse]I stopped trying to control what I have no control overI stopped letting my heart do my head's work for itThey say yesterday is history tomorrow remains a mysteryI enjoy today when I remember that death has no mountain over itYeah I changedI see I changed when I don't care about people who change with meI see I changed when I lost the desire to take revengeI see I changed when I understand there are people who love me and people I am in their eyesPeople who don't love me I pity themLolo always prays for us but let that not take it for lossBecause I changedI ask my God and say thank you more for all that I don't have to pray for themI accept what goes and welcome what comesI accept what leaves and respect what staysI realized that everything they allow me to reach myselfAnd when I see despite everything I found more than I lost I smile[Chorus]I've cried more than once but that changedI knelt down my life changedAnd more than once the devil tempted meI knelt down my life changedWe pray, we shine (2x)I knelt down my life changedWe pray, we shine (2x)I knelt down my life changed
