[Verse]
M pat mete w veye pou mwen
Kite m veye kou mwen
Tanpri s'il vous plait pa vin fè tansyon vire kou mwen
Ou tankou on detektiv k ap bay rapò vire tounen
Next time fwote dyòl ou atè si w vle retounen
Wi li pa bon men se nou chak ki gen youn nan men n
M konnen l pa parfait koz m gon moun nan men m
E se nou chak ki gon moun lè l pat gen moun
Ki tap eseye moun avan l chwazi on moun nan men n
Donk kite m jere l a ton pa m frè m
Se pa bon pa m frè m
Kite m pran baton pa m fè m
M pa vle gen zen nan kay la gen sijè ki tabou
M gen rythme m danse konpa m frè m
Se mwen k te chwazi se konba pa m frè m
Jere kont ou m ap jere kont anm frè m
M pa bezwen avoka ni jij
dayè ou pa konn ki kondisyon m te gen nan kontra m frè m
a quoi bon pou m kite l pou m al regrete
youn pa bo lòt se menm chema ki pral repete
m konn sa m bezwen
m pa pral jete on bzen
pou m al pran on lòt bzen on lòt te jete
donk sa w panse si w grate kote ki grate w
gade w re gade w e mande w koman sa fè regade w tripòt
san degrade w gade re gade w ap wè sa pa dwe gade w
men si sa gade w se bagay ki gade w
socrate
[Chorus]
Si n wè m pran kou
Pa fouye bouch nan zafè m
Konnen m damou
Tanpri pa vin kraze fwaye m
Mwen konnen nou di l son pa bon
Men konnen sa pa gade m
Sa pa gade m, li pa gade m
Sa pa gade m, li pa gade m
Sa pa gade m, li pa gade m
[Verse]
Frè m ban m met nan men w
Paske sèl ou k poko konnen
Kisa w pral di konsa men ou menm poko m konnen
Anyen pa kache bagay yo fèt kate w konn byen
Preske tout nèg gentan fè l ganlè sèl ou k poko kony*n
Wi ou konn anyen pa enposib pou nou
Pran pòz difisil li non manzè pa inconnu pou nou
Ti fanm anba li fèk refè bouda l
Pran pòz Blondedy Ferdinand
Zanmi l lan di l pa gen pwodwi pou nou
Li di m wi oh. Nèg yo pase pa twa e yo manje l tankou kibi
Pouki w jwe pèsonèl pandan w konn nèg yo kolektif
Men ki bi w ki plan w ou prèt pou mouri la pou ki fi ?
Ban m mete w sou men w socrate tonbe andan l
Tout ra li pran pòz ra l la Wendyyy tonbe andan l
Tout la femme parfaite la Perfect tonbe andan l
M pap kite moun vin di m mwen tou voye kò m andan l
Han ou pa kwè, ou difisil pou w kwè
Manzèl fasil pou w konvenk
On uber eat men ou k pou pase ba li l
Si w mennen l soti ba l ti para llevar li
Chak nèg ki fè l aprè kay la se kay li
Dènye Kia l la e ou k pete l wi
Ou kanpe an mèt bouboun
Si gen ratman e ou k prete l wi
Non m pap jije l, dayè e nan kok* l papa
Men gade kote w kaka m etone lè misie di
[Chorus]
Si n wè m pran kou
Pa fouye bouch nan zafè m
Konnen m damou
Tanpri pa vin kraze fwaye m
Mwen konnen nou di l son pa bon
Men konnen sa pa gade m
Sa pa gade m, li pa gade m
Sa pa gade m, li pa gade m
Sa pa gade m, li pa gade m

