Espas • Kanis

ADDED BY DIDIER (MAR 17, 2020 AT 11:26 PM) 1,543 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Fatima

[Verse 1]
M santi m tris
Men konsyans ak santiman mwen konplis
M konnen m gen tò
Raple m tout moun mwen fè enjistis
Pou tout kè m konnen mwen kase
Mizè m fè de moun pase
Tout bon souvni nou efase
M swete m ka met sa nan le passé
M tankou on vag
M poko la m gen tan kite
On jou m rale l, on jou m lage l
On jou m poze, m ajite epi m bay vag
Wi se vre twòp opsyon m pat konn sa m vle
M te gen foli pran pòz player fè tout nèg yo fè kòve
Kounya se karma, m pran nan drama
Lanmou fè m kouche anba dra
Gad kijan mwen pran nan traka
M tèlman pase yo tout nan fatra
Flap, m pran frap epi m wè lanmou m te fè bak
On ka syèk se te yon etap nan vi m
Kounya m met pase m nan yon sak

[Chorus]
Santiman mwen ap jwe lago kache avè m
Tout efò m fè konsyans mwen ap goumen avè m
Menm si w pa kwè m, mwen vle di w tout sa ki nan kè m
Santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m

[Verse 2]
De twa zè nan matin sou balkon m ap panse a ou
Panse ak tout sa m te anvi di w
M pa pè di w mwen pè pou m pèdi w
E si m pat care kwè m, m tap tout sa w anvi tande
Tanpri cheri pa tante m m gen move defo, m son danje
Eks mennaj mwen pa pale avè m kominikasyon nou koupe
Li te vle travay relasyon an men m pat janm gen tan m te okipe
Ti erè fè gwo efè, twòp ògèy m chaje feblès
M fè mizik pou m jere stress m ret poukò m pou m pa fè vye jès
E m pa fè pèsòn konfyans m te bay tout bénéfice du doute
Kounya m ap bout, bout, kenbe kòd la kout m tankou makout
Nan sans yo tout entimide eskize w menm m pap bliye
Men imilye m. konenn m son balans lespri m ekilibre

[Chorus]

[Bridge]
Pou mwen lanmou te domine
Si w pa gen zo w pase w kanpe
Mwen pat gen tan, m pat pèdi tan
Avèk gason mwen pat ret tann
Kounya m bezwen lanmou
Mwen bezwen afeksyon ak atansyon yea

[Chorus]