Lanmou Ka Fè'w • Kerby Player

ADDED BY KERRR (FEB 17, 2020 AT 5:01 AM) 6,080 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Chrissoue Jay
Produced by: Dannson Beats & Itrema Recordz
Lyrics by: Kerby Player & Chrissoue Jay

[Intro]
(Chrissoue Jay & Kerby Player)
Ouuuu ou ouuuu. Eeeeeee ouuuu
Lanmou ka fè'w
Kerby Player

[Verse I]
(Kerby Player)

Lanmou ka few plede sou pandan pa janm bwe alcool.
Li ka few antre leglise, sanw pa mete vès ak còl.
Li ka uni 2 moun ansanm. Fè l'un paka viv l'autre.
Li k few santiw pa byen siw pa kole kow ak kol.
Lanmou ka fe ou vin fou, li ka few bliye fanmiw.
Li k few bliye kotew soti. K few bliye zanmiw.
Li ka few bliye prop tet ou. K fow pa pnse avniw.
Li k few vin égoïste. Li k few detri on vi..
Lanmou ka few anpil mal. El k fè ou anpil byen.
Li k fèw kite ici. Li k fè ou al viv loin.
Li k few rnmn on moun. On moun ki pap janm renmew.
Li k fèw kenbe on men. Ou pat janm panse tap nan men'w.
Lanmou ka fe ou vin rich. Lanmou ka fe ou vin pov.
Lanmou pap bezwn konn siw dread. Pou li pa fe ou vin chòv.
Lanmou ka few plede ekri on moun ki pp few repons.
Pandan moun ki pap few repons lan. on lòt pp fel repons..

[Refrain]
(Chrissoue Jay)
Lanmou Ka fè'w ou menm bliye kijan ou rele.
Lanmou ka fè'w w'avèg pandan 2 je ou kale.
Lanmou Ka fè'w ou bliye adrès kote'w rete.
Lanmou Ka fè'w men'm bliye pouki'w te eziste.

[Verse II]
(Kerby Player)

Lanmou k few kite chato. Pou al viv nan on kay pay.
Lanmou ka few bliye ka po'w pou k edel nan ka pal.
Li k few kite capital. Pou al viv a la campagne.
Lanmou k fè li malad. Si u pa servil compagne.
Lanmou k few vin jalou. Li k few vin kriminel.
Li k few rnmn on majeur. Pap bezwen konn siw minè.
Lanmou ka few afiche naj ou. Sou FACEBOOK sou twitter
Pandan neg lan pap met photo'w sou statut'l pou 24h..
Lanmou k few vle afichew. Devan tut moun nan on vil.
Pandan neg lan pa intéressée knbe mnw nan public.
Lanmou ka few rnmn on fi pou li ou vle bay tut viw.
Pandan fi an ap relew seulman. Lel bezwen kelke fric.
Lanmou fe anpil nan nou réjoui. Fe anpil nan nou viv.
Knsa tu li fe sufri. Knsa tou li fè nou ivre.
Lanmou ka fèw kiton fi'k rnmn'w, pou on fi ke'w renmen.
Padan fiw renmn an ap kite'w pou on nèg kel renmen.

[Refrain]
(Chrissoue Jay)
Lanmou Ka fè'w ou menm bliye kijan ou rele.
Lanmou ka fè'w w'avèg pandan 2 je ou kale.
Lanmou Ka fè'w ou bliye adrès kote'w rete.
Lanmou Ka fè'w men'm bliye pouki'w te eziste.

[Bridge]
(Chrissoue Jay)

Kwè nan lanmou. Kwè nan rèv ou.
Lanmou ka fè pou moun li plen ak defo.
Nan tout lari se non li kap fè eko.
Poutan pou ou li chage kalite.
A li menm sèl ou adikte.
Kite lanmou fè sa li vle.
Paske se nan coeur ou li ye.

[Refrain]
(Chrissoue Jay)
Lanmou Ka fè'w ou menm bliye kijan ou rele.
Lanmou ka fè'w w'avèg pandan 2 je ou kale.
Lanmou Ka fè'w ou bliye adrès kote'w rete.
Lanmou Ka fè'w men'm bliye pouki'w te eziste.