Penitansye Pa Mòg • Lawman

ADDED BY LILPETER3 (MAR 5, 2018 AT 3:50 PM) 10,548 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Featuring: Episode

"PENITANSYE PA MÒG"

TEXTE :

HOOK (EPISODE):
PENITANSYE PA MÒG...
Pandan m' nan prizon m'wè pa g AVÈ'M.
PENITANSYE PA MÒG...
Sa k' ènmi'm yo menm ap pran en moun KI K'ANPEplezi RI NAN MALÈ'M.
PENITANSYE PA MÒG...
Yo gen tan bliye'm tankou se moun yo ANTEREEEEEE.
Pandan m'andedan an pa 2 zanmi m'gen TAN KREYEEEEEE.

VERSE 1(LAWMAN):
Vwala mwen menm ki pran lari pou m'al chèche kot PENITANS YE.
M'al bite sou on ZO REKEN k'tou ban'm WOULIB pou PENITANSYE.
S'on kòmandan k'te fèk tonbe, LA POLICE sou REVANCH.
Epi mwen menm ki pa t konnen, m'pase nan bwen an tou ETRANJ.
O O! San m'pa konn anyen nan sa k' pase, YO VIN LOTE MWEN.
Gade m'gade m'wè m' nan on BackUp YO MEINOTE MWEN.
Chèche, m'pa wè ki #FOT mwen fè k'pou ta MENNEN #PENAL.
Epi san pase devan JIJ, nèg yo pran'm MENNEN PENAL.
Lè m'rive andedan an, m'pa wè #LANMÈ, m'tande gen #TITANIK.
M'pa montre yo m'pè men nan may mwen se pat' TI PANIK.
S'aprè 2, 3 jou m'kòmanse VIN ADAPTE'M.
Montre yo m'ka TOUYE lè prizonye VIN ATAKE'M.
Lè m'ap di nèg yo se mwen k'fè "LAVI TI NÈG GHETTO" A.
Gen ki di'm pandan BUS ap pase, yo konn tande EKO A.
Sa w'tande a tou, andan prizon M'GEN TAN VIP.
Si m'te vin a CD, m'tap pwofite FÈ VANT SIYATI.

HOOK (EPISODE):
PENITANSYE PA MÒG...
Pandan m' nan prizon m'wè pa g AVÈ'M.
PENITANSYE PA MÒG...
Sa k' ènmi'm yo menm ap pran en moun KI K'ANPEplezi RI NAN MALÈ'M.
PENITANSYE PA MÒG...
Yo gen tan bliye'm tankou se moun yo ANTEREEEEEE.
Pandan m'andedan an pa 2 zanmi m'gen TAN KREYEEEEEE.

VERSE 2 (LAWMAN):
PENITANSYE pa gen PEYE ANTRE men gen ADMISYON.
Interviewer w pou konn si w' s*on orijinal s*on TRADISYON.
Nèg yo pran'm pou gwo bandi, m'te tou gen FIGI DI DEJA.
Yo wè'm nan ALLO LA POLICE, yo di m'fè B.E.T DEJA.
M'aprann madanm mwen gen tan PLASE an pansan M'PAP LIBERE.
Di'l pou mwen penitansye pa mòg menm lè M'PAP VIV ERE.
Bòpè ap maltrete pitit mwen, bagay sa a M'PAP DIJERE'L.
Di yo pou mwen lè m' lage, sa k'pa dwat M'AP VIN DRESE.
M'konn anvi kriye, gen nèg ki di'm PA PLERE, W' SE GASON.
Menm nèg ki a pèpetite AP VEYE EVAZYON.
Epi prizon pa fèt pou #CHEN menm si dèfwa sa k'pou LAGE W'SE ZOE.
Menm si w'konn antre ak CHÈ sou ou, lè pou LAGE W'SE ZO.
Chak selil chaje gason tankou CHANM KAY MOUN JEREMI.
M'sezi wè menm nan prizon, nèg me t BON MAY POU JERE VI.
Si w' vann #DÒG gen ajan Apena k' ka PASE DEAL POU OU.
Si gen pawòl pou voye di fanmi k' ka PASE DI'L POU OU.

HOOK (EPISODE):
PENITANSYE PA MÒG...
Pandan m' nan prizon m'wè pa g AVÈ'M.
PENITANSYE PA MÒG...
Sa k' ènmi'm yo menm ap pran en moun KI K'ANPEplezi RI NAN MALÈ'M.
PENITANSYE PA MÒG...
Yo gen tan bliye'm tankou se moun yo ANTEREEEEEE.
Pandan m'andedan an pa 2 zanmi m'gen TAN KREYEEEEEE.

BRIGE (EPISODE):
Pandan m'penitansye FANMI, ZANMI BAN'M DO.
Sa fè'm santi yo te ka vann mwen tou NAN BIZANGO.
Nou pa DWE BLIYE'M, PENITANSYE PA MÒG.
Fò n'pa NEGLIJE'M, PENITANSYE PA MÒG.

VERSE3(LAWMAN):
Lè nèg la di'w l'dòmi nan #KRÈK se pa nan #FANM, s*on PINISYON.
Yon PETE SAN MÈT konn mete on selil nan DISKISYON.
E sa k' biza ankò, w'konn tande KLAKSÒN, ou PA WÈ LARI.
Pran sant vyann, ou PA WÈ L'AP FRI....
Pandan'w chita fistre, nèg akote'w la ou KA WÈ L'AP RI.
W'ap kriye pou 3 MWA yo ba'w, yon lòt di fèmen dyòl ou la a...
Gad dosye'm, ou PA WÈ'M AVI.
Lè'w nan #MÒG, fanm san #KILÒT mèt kole avè'w, ou PA #ANVI.
Nan ka sa a pito'm andan PENITANSYE men m' LA AN VI.