[Verse 1]
Tu sais bien comment je t’admire
Pou ou m ta bay tout tirès sa m posede
Si lavi ta pèmèt mwen gen
Yon mwayen pou m ta ede kòm sa dwa
Mwen ta ba w tout sa yon gason dwe bay fanm
Men pòch mwen pa fon
Mwen jis fè sa m ka fè
[Chorus]
Jès sa vle di je t’aime
Menm lè m pa gen anpil
Kanmenm m ap fè on ti jès
Jès sa soti nan kè m
Menm lè m pa gen milyon
M ap jwenn on akoden
Jès sa vle di je t’aime
Menm lè m pa gen machin
N ap soti sou moto
[Verse 2]
Tu sais bien tu es mon avenir
Mwen gen gwo rèv ki poko reyalize
Pran pasyans pou mwen ti cheri
Piga w koute konsèy zanmi ak fanmi
Se yo tout kap di ke mwen poko pare
Yo eseye kare w ak lòt nèg ki gen kòb
[Chorus]
[Keyboard Solo]
[Verse 3]
Se pa tout moun ki gen chans
Relasyon k bati sou lanmou
Nou soti nan tout move enpas
Avan n te konn pran nan lanmou
Istwa nou trè diferan
Se sak fè m vin trè konfyan
Nou gon avni k trè pwomèt
Avèk pasyans n ap yon ekzanp
[Choir]
La patience est dur
Mais sa recompense est toujours pure
La patience est dur
Fò n pa kite eprèv menase lanmou n
[Keyboard Solo]