ADDED BY GEN11 (JUL 20, 2018 AT 1:50 PM) • 10,968 VIEWS • EDIT
[Intro]
San disrkiminasyon
Ou ban mwen lanmou ki satisfè m
Lanmou konplè, san manke anyen
[Verse 1]
Andedan kè mwen
Se yon bwat sekrè
Ou sèl ki gen kle pou ouvè l
Tanpri ouvè li pou mwen
Men si ou pa ouvè l
L’ap rete fèmen
Kouri Vini libere m
Mwen paka respire
[Pre-chorus]
Se ou menm mwen dezire
Se ou menm mwen t’ap chache
Ou diferan pami lòt yo
Gadyen kè mwen
[Chorus]
Lanmou se lanmou men tout lanmou pa menm
Mwen resi jwenn yon lanmou ki vle monte avè m
San diskriminasyon
Ou ban mwen lanmou ki satisfè m
Lanmou konplè san manke anyen
[Verse 2]
Se pat yon aksidan ki fè n rankontre
Depi m fèt se te destine m
Wout sa te trase pou mwen
Ou genyen yon kle ki pa diplike
Se ou sèl ki gen aksè
Vinn ouvri pòt kè mwen
[Pre-chorus]
Se ou menm mwen dezire
Se ou menm mwen t’ap chache
Ou diferan pami lot yo
Gadyen kè mwen
[Chorus]
Lanmou se lanmou men tout lanmou pa menm
Mwen resi jwenn yon lanmou ki vle monte avè m
San diskriminasyon
Ou ban mwen lanmou ki satisfè m
Lanmou konplè san manke anyen
[Bridge]
Yo te di mwen kalitè lanmou sa li pa egziste
Se yon rèv, Se yon sonj, se yon fantezi
Men se pa vre, paske m jwenn lanmou
Ki banm zèl pou m vole
M’ap vole avèw gade mwen
M’ap vole
[Solo]
Lanmou se pi gwo kado
Ke Bondye te ka ba nou
Pou nou viv ansanm
Mwen pap rete tann
Pou mwen grandi ak ou (x2)
Mwen paka imajine m san ou
(lanmou sa se Pou nou)
Lanmou sa pou nou
(Pap manke li yon jou)
Lanmou s’on mèvèy
Li pa gen parèy
Demen ap pi bèl
[Chorus]
Lanmou se lanmou men tout lanmou pa menm
Mwen resi jwenn yo lanmou ki vle monte avèm
San diskriminasyon
Ou ban mwen lanmou ki satisfè m
Lanmou konplè san manke anyen