brav empire (niggaz)
still brav anmèdan (young will beatz)
[Intro]
wouch manman (gad on fanm)
tankou se premye fwa m wè limyè nan vi mwen 
(bonita, bonita, bote w epate m)
bèl bouch pwès tankou fwamou, regard majik, 
epi bèl tete bonbe (my wonder, ou domine m)
[Pre-chorus]
chak souri w, chak rega w
chak foto w fè kè m fè pip pip 
ou fin fè lanmou fè aksidan sou mwen
koulya wap klaksonnenm, wap fè kik kik  (anmweeee)
chak fwa m tande vwa w, m anvi nan bra w
m gentan obsede 
tout ti jès enpòtan, tout sa w fè ajite m
m andjable kou moun ki posede 
[Chorus]
anmwe (anmweeee) 
lanmou frape m, m paka epanye m ankò
[Vers 1]
ou tankou yon anj ki kite syèl li k vin sou latè 
pou chanje lavi mwen
chak segond m fè ap admire w 
franchman cheri se sak paradi mwen
kite m pwouve w ki valè w gen 
sakrifye vi m pou ou bb il fallait bien 
kite lanmou m gide w 
m pral fè w viv tout sa k te nan lide w 
sanzatann, ou domine tèt mwen 
m gentan damou w jouk nan mwèl zo 
m swete lanmou pa trèt mwen 
chak segond ki pase, ou pase w repase nan lespri m  
si w twouve m pa jan w vle, fè lekòl mwen cheri enstwi m 
mete m nan gou w, pran m vire m jan w vle 
devan w pa gen thug cheri, menm 2pac ap tranble 
bouch ou atiran kou tomat nan salad 
tou kri m santi m ta manje w, avan ann al f on ti balad 
kite m chuchotter nan zòrèy ou di w kòman w bèl 
yè bb, cheri ou bèl 
tout sa w fè émouvant 
ou fè m vire tankou van 
je m en fiche de ton passé, alors ann al pou pi douvan 
map ba w kè m pou syèl ou pou w rete  
lespri m se lespas ou donk panpannen 
ou s on fanm wouch manman m pral ba w love san rete 
e nan je m, ou s on ti noir boukannen 
[Pre-chorus]
[Chorus]
[Vers 2]
se vre gyal ou plen defo, men w gen plis bagay ke m apresye 
ou domine tèt mwen, ann ale tipa tipa san n pa prese 
m remèt ou kè m, kò m, lespri m ak tout sa ki ladann 
m pap fè w ale, men map fè w vini sou kabann 
m pwomèt ou now ak tout lòt fanm map viv kou egare 
e machin anm sèl nan parcking ou pou l garer 
lanmou m pou ou chanje m, li fè m wè m te vagabon twòp 
ou ka sal nan je tout moun, men nan je m ou pwòp 
new life, new wife, thx god ou banm kado m 
cheri m anvi konn vrè gou myèl, plz ou ka bo m???
[Chorus]









