Timidite • PhatG

ADDED BY LILPETER3 (DEC 8, 2017 AT 12:38 AM) 14,022 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2017
Featuring: Flav & Baky

S’on feeling ki puisan
Ki fè’m fèb an menm tan
Se imajinasyon’m k’ape mache
Li la devan’m m’paka touche’l ohhhhh
Domine tout rèv mwen
Anchene zantray mwen
Fè’m tounen yon esklav
Cherie sa grav
Diksyonè’m pa gen brav oh ohhhhhh
Ouwo ohhhhhhh
Anchene zantray mwen

[Hook]
Se Timidite bb
Se Timidite
Ki anpeche lanmou’n fleri bb bb
Se Timidite bb
Ohhh ohhhh oh ohhhhhh
Timidite bb…

[Flav Verse]
Ou banm yon feeling m’paka eksplike
Cheri lè ou bò kote’m
Eh eh eh yèh èh….
Ti kè mwen pran tranble
Syèl la chavire
M’pa konn kibò pou’m kòmanse
Eh eh eh yè è…..

O cheri
Se nan kè’m pou’w ta ye
Pou’w wè mizè m’ap andire
Eh eh eh yè è…..
O cheri annnnnn bebi
M’panse a ou chak jou….chak jou
Chak jou
Ouwo ouwo ooo yè……….

[Verse-Baky]
Pouw renmen yon fanm ke’w kwaze
Di mwen combien de temps faut-il?

Manvi di’w bèl pawòl, yo just paka soti
M santi lang mwen lou, m santi je’m wè twoub
M pè tonbe nan twou, timidite mwen nan ka sa fotif

Fotif pou feblès mwen
Fotif pou mank kouraj mwen
M pè mande’w zanmi, pandan’w se baz tout antouraj mwen
Mespere gon zanmi’m kap pale’w de mwen
Paske depi’m wè’w m’ bèbè, m’oblije ap gade’w de lwen
Map gade’w de lwen, map imajine’w nan 2 bra’m
M koze avè’w nan mind mwen san’w pap janm ka tande vwa’m
M son solda, timidite se Komandan’m
So map pale avè’w nan panse’m koz pawòl yo ret kole anndanm