Ayiti • T-Prudhomme

ADDED BY TIZER (MAY 23, 2017 AT 8:57 AM) 12,368 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Mike
Produced by: Nickenson Prudhomme

[Refren – Mike]
Ayiti ou s on fanm ki ret djanm 
Menm kan y ap maltrete w
Yo kraze w, yo brize w 
Men w stil kenbe fyète w
Ayiti an mwen
Bèl fanm kreyòl an mwen 
Kijan m ta fè bliye w 
Se ou k souf mwen

(Ti Ti TPrudhommeeeeeee)

[Verse 1]
Nou te goumen pou libète 
Batay vètyè se sak sove n
Anpil san ki te koule
Men laviktwa nou te pote l
Konbit fransè nou te kraze 
Tout obstak nou te kapote
De jou an jou Ayiti ap vin pi mal
M ap mande kiyès 
K ap vin etire n nan mizè 
N ap viv nan yon peyi 
Kote k chaje ak atoufè
Yon pakèt gran manjè
Vizyon nèg sa yo se vòlè
Nou envesti anpil lajan 
Nou pa wè ki kotel pase

                       ( Mike )
Mwen sonje douvan jou
Bel fanm k ap fè joujou
Nan raje voye wou 
Sa fè m sonje w cheriiiii
Bon son libo ak kout tchatcha
Bon sant lanbi ak kout tanbou
O Ayiti kijan m tap fè bliye

[Verse2]
Jounen jodia nou sou yon pant
Lamizè fè n danse tout dans
Edikasyon nou se yon rans
Sekirite n san asirans
Lè pou n mache nou limite
Menm lajenès nou san vizyon
Nou neglije pwòp kilti nou
Pou n imite tout lòt peyi
Nou pran kanntè pou vi miyò
Panse tounen pou n envesti
Pou n ka bay Ayiti kouraj 
Pou l pa plonje pou l fè nofraj
Pou n ka gen Ayiti cheri
Pou plis touris kapab antre 
Ayiti peyi frechè
Se ou ki pwodwi pi bèl flè

[Refren – Mike]
Ayiti ou s on fanm ki ret djanm 
Menm kan y ap maltrete w
Yo kraze w, yo brize w 
Men w stil kenbe fyète w
Ayiti an mwen
Bèl fanm kreyòl an mwen 
Kijan m ta fè bliye w 
Se ou k souf mwen
                     
                Verse3 (TP)
Sikonstans lavi ki fè nou amba mòn nan
Nou pa evolye
Nou paka wè
Poutan 2 je nan tèt nou pa pete (jamè)
Nou pa bèbè, Nn n paka pale
Ni n paka revòlte
Se gade n gade soufrans lavi nou ap ogmante
Sanble se pou nou lamizè te egziste
Se depi n fèt lavi ban nou mizè kòm kado
Viv an Ayiti nou santi se pi gwo fado
Se chak jou n leve manman pitit gen chay sou do
Di m kilè Lord Ayiti ap g on chanjman
Pou jan w te dous, dous kon dous makòs
Men kounya ou kouche sou do
Tankon fanm gwòs ki pèdi fòs
Pouki n pa met tèt ansanm pou n ka bay Ayiti yon fòs
Paske paka ret tann Se lòt nasyon ki pou bann pòs
Efò pa m ak efò pa w egal linyon fè lafòs

[Outro]
Pèp ayisyen li lè li tan peyi a bezwen on chanjman
Yawwwwwwwww
NP Productions
Mike & TPrudhomme
Nou refè l ankò
So far, e lil ye i
Yawwwwwwwew