Yo Paka Bare M • Roody Roodboy

ADDED BY GEN11 (JUN 10, 2018 AT 11:53 PM) 10,709 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Lyrics by: Roody Roodboy

[Intro]
Oh yo pa ka bare m
Anmwey anmwey yo pa ka bare m

[Chorus]
Tande nèg yo ap fè konplo pou bat mwen
Yo genlè bliye si gheto yo nan back mwen
Simon bèlè solèy belekou
Chaje nèg an inifòm kap jere m tou

[Verse]
Chanpyon ret chanpyon
Ou pap ka bare on nèg tankou m ki plen talan
Avan w chache beef mwen retire jup sou ou
Monchè al mete pantalon
M pral fè suskè nan je w tansyon pral monte w
Ou pral oblije pran kalman
Tèt ou pral pati m pral fè w fou
Yo pral di ke ou tre malad mantalman
M bandi pase w nigga
M gangster pase w nigga
Depi mwen brake m pap pa tire
Pou bandi salye bal yo tire
Site militè yo rele m anperè yo rele m kòmandan
DJ Roger avè m, Jean Robert nan do m
E li kanpe an gwo gangan
Ou pap ka bare m byen pase otomatik
Li pa ka autrement
Gwo bout mizik empire siksè sou siksè
Yo rele kou manman

[Chorus]

[Verse]
Enposib pou w bloke m
Enposib pou w kopye m
Pou m feat avè w nan moman
Fò w gen boul kob nan men w
E ajenou pou w bo pye m
Chanpyon ret chanpyon
Wi yo pa ka bare m
Yo trete m de fatra wi yo pa ka bale m
Pil bad man nan do m yo pa ka kale m
Devan devan nèt yo just ka gad ale m
Pran poz sipèsta men san moun poko konnen li
Pwomèt albòm poutan m wè son pil foto k nan men li
Best artist sèl mwen k nomine
HMI la m domine
Santi manager w la tap fè plis kòb
Si l te gen on atis kou krèk koko nan men li
Dèyè m gen tout gang solid yo
Bèlè Delmas 2 Solino
Si w dèyè afronte m nap fè bliye w
Kou dechay ki nan fòs komin yo
Anmwey lè m tande on katafal
Sel atis solo k blòk on kanaval

[Chorus]