Anmwe Sekou • Klass

ADDED BY NATOU (APR 18, 2016 AT 12:30 PM) 24,616 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Fè L Ak Tout Kè W
Year: 2016
Produced by: Jean H Richard (Ritchie)
Lyrics by: Jean H Richard (Ritchie)

[Intro]
Klass fò m pale mezanmi
Yepa

[Verse 1]
Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen
Mwen pa kapab fèmen je mwen
Soulye a gendwa pa vle di nou, men l konn lè on chosèt gen twou
Nou konfonn neglijans ak aksidan
Nou tankou on pakèt ti bèt kouran
Maladi peyi m pa ka pi grav, paske pi mal se kadav

[Hook]
Anmwe anmwe wo, pou enterè pwòp frè n ap detwi nou
Bondye, Bondye wo, papa ou se sèl doktè ki ka geri nou

[Verse 2]
Pouki n ap fòse fè pèp la di viv kounya
Lè n konnen l pral di aba pita
Li fè m mal lè n kouri pou lapli se nan lanmè nou blayi
Pa bezwen konn kiyes ki prezidan depi yo vote l legalman
Mwen bouke wè mayòk kap rache, pou yon pi mal ranplase

[Hook]

Pipo kòman w ye – N ap gade san pran sa kap pran san gade
Adje frè – se vre wi Ritchie
Pwovèb la pale – Ayisyen tande

Nou gen posiblite chanje
Se bòn volonte nou manke – kot ti sa n pa ka fè la

[Verse 3]
Adje, si w konnen l pa bon pou zwa, pa di li bon pou kana
Si n ap rele chen papa pou zo, di li te kraze wo
Kay ap bati nan ravin tankou pye bwa k san rasin
Si yon lòt seyis pase, dega yo pral repete
Paske nou pa janm pare

[Hook 2]
Pran sans nou,
Anmwe sekou, n ap pèdi eskanp figi nou

[Verse 4]
Nou bezwen yon lòt Toussaint, yon Dessalin t ap fè n byen woy
Devan radiyès Dominiken, yo ta ede n goumen
Tout sa k fè nou parèt gran, se nan listwa nou yo ye
Nou bezwen lidè vanyan ki pap preche n reziye n
Ki gen kouraj ak dinyite

[Hook 2]
Pran sans nou,
Anmwe sekou, n ap pèdi eskanp figi nou
(Si maladi n pi grav nou pral kadav)

[Horns]
K L A S S , klass
Manman (3x)

[Keyboard]
JP fè travay ou

Rapidite - sa li ye

Se nan Klass la tout pawòl pale
Wi se nan Klass la tout pawòl pale

[Hook 2]

[Horns]
Si n pa parèt ansanm nou pral disparèt ansanm wi mezanmi, hehey
Al medite sou sa


BIOGRAPHY
  • Founded on April 18th, 2012, KLASS is a new school of Haitian konpa where everyone is welcome to enroll and attend. Since its inception, clean competition, determination, and respect have been the core elements to maintaining a report card of success.

    When you ask the female fans "Where they are heading?" they reply that they are going to "KLASS". Ask the male fans, "How they function?" and they answer that they do everything with "KLASS". Finally, you ask the promoters, "What they think?" and they reply that "an event without this band will have no 'KLASS!'